Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Rèv Memphis Depay ak Aguero pou te jwe ak Messi nan Barcelone p ap posib

Rèv Memphis Depay ak Aguero pou te jwe ak Messi nan Barcelone p ap posib

Rèv Memphis Depay ak Aguero pou te jwe bò kote Lionel Messi nan FC Barcelone p ap posib.

Nouvèl la gaye tankou lafimen yè ki konfime Lionel Messi kite Barcelone aprè 20 lane. Yon nouvèl ki kite anpil moun san reyaksyon sitou fanatik malad Baselòn ki te rete kwè Messi ap fini pa siyen yon nouvo kontra epi fini karyè l nan klèb katalan an.

Byen avan nouvèl sa vini, gen 2 jwè ki te arive vini nan ekip Baselòn lan. Jwè sa yo se Aguero ki t ap jwe nan City epi Memphis Depay ki t ap jwe nan Lyon.

Ajanten an Aguero ki konn abitye jwe ak Messi nan seleksyon an te deklare: “Mwen rejwenn Basa pou m jwe avèk Leo Messi, sa te toujou yon rèv pou m jwe avèk li nan klèb”. Yon bagay ki poko posib oubyen ki p ap posib ankò k ap jis rete nan kad yon rèv ki pa janm reyèl.

Memphis Depay sou bò pa l te deklare li enpasyan pou l jwe avèk Messi. Ansyen jwè ekip Lyon an te panse li ta pral kotwaye Messi chak jou nan klèb la, li te enpasyan pou sezon an lage. Yè tout bagay chavire nan kèk segond epi pati ak atant Memphis Depay te genyen pou l bò kote ajanten an ap jwe nan menm ekip.

Messi san klèb pou kounya. Plizyè enfo ta fè konnen se PSG ki mye plase pou ta resevwa l. Pandan tan sa, Aguero ak Depay dwe konsantre yo sou sa yo ka pote pou ekip Baselòn lan ki mazora devan an apre depa ikòn li an.

Rèv Memphis Depay ak Aguero pou te jwe ak Messi nan Barcelone p ap posib

Dekouvri plis:

Caroline du Nord: un jeune homme pêche un poisson aux dents humaines

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu