Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Richard Pierrin, 19 lane, yon jèn espwa fotojounalis an Ayiti

Richard Pierrin, 19 lane, yon jèn espwa fotojounalis an Ayiti

An Ayiti, li ra pou w wè yon jèn nan laj 17, 18 e menm 19 van ap briye nan yon domèn pou l arive pwofesyonèl ak laj sa epi ap chache kreye yon plas pami sa k devan l yo.

Richard Pierrin, se youn pami ra jèn sa yo ki ap briye ak 19 lane li an kote li trè prezan sou beton an nan koze fotojounalis ak videyografi. Sal redaksyon medya a te f on ti pale ak li.

Kote Richard Pierrin soti?

Richard Pierrin fèt Ti Gwav 11 janvye 2002, li gen kèk ane li rantre Pòtoprens pou te vin kontinye etid li epi kontinya ap bouske lavi nan kapital peyi a, yon kapital ki pa fè moun kado se agresivite w ak entèlijans ou k ap fè w soti tèt ou.

Jan nou mansyone l pi wo a, Mesye Pierrin se yon fotojounalis ak videyograf kote li ofri sèvis li ak medya an liy Velipost epi li se PDG “Gade Lakay Magazine“, yon magazin sosyokiltirèl. Nan chache konnen sa k te pouse l anbrase fotografi, entèrese a fè konnen se paske son mwayen pou l eksprime emosyon l

“Pou fotografi ak videyografi, mwen wè se meyè mwayen pou m eksprime emosyon m nan yon peyi tankou Ayiti. An plis tou, mwen renmen ar vizyèl”, eksplike Richard Pierrin.

Si Richard Pierrin gen 19 van kounya, men li pa fèk ap fè zam li nan koze fotografi ak videyografi. Pitit Ti gwav la fè fas kare ak videyografi an 2017 epi anbrase fotografi yon lane apre, selon sa l di nou. Pandan l te kontinye pou l di sa imaj vle di pou li

“Imaj se youn nan bagay ki tou di sa l ye a, e ki pote enfòmasyon nan yon sèl ti rega pou mwen. Se pi bèl bagay ki te ka egziste”, deklare jèn fotograf la.

Travay li sou teren an

Koze fotografi dènye ane sa yo, anpil jèn fè l epi itilize l an byen ou an mal, genyen tou ki grennen jilbrèt ladan l paske pou yo depi yo gen kamera yo konsidere tèt yo kòm fotograf. Gen yon kategori tou ki swiv pi gran yo, ki fòme tèt yo pou yo ka vini yon bon pwofesyonèl, Richard Pierrin se youn nan kategori sa yo.

Jèn sa kòmanse pran beton an nan fen ane 2019 nan ale fè repòtaj, epòk sa li te gen 17 tan. Selon sa l di, pi bèl repòtaj ki make l epi ki fè moun ta pral dekouvri l se nan manif 17 oktòb 2020 an ke opozisyon an te lanse

“Pi bèl repòtaj ki make m e ki fè anpil moun fè fas ak talan an se 17 oktòb 2020 an kote m fè foto yon dam ki plen enèji ak rezistans sou li epi li pote yon kwa nan men l”.

Richard Pierrin, 19 lane, yon jèn espwa fotojounalis an Ayiti

Depi anviwon yon lane, foto Richard Pierrin yo ap sikile sou rezo a piti piti. Velipost toujou sèvi ak yo kòm kòvè pou atik, lòt platfòm konn itilize yo pou reposte, moun konn pran yo mete sou estati yo oubyen pataje. Yon bagay ki fè fotograf la kontan

“Pou mwen se yon rèv ki kòmanse vin reyalite. Objektif la se ale pi lwen kòm jèn”.

Kiyès ki modèl Richard Pierrin?

Richard Pierrin te patisipe nan yon atelye fòmasyon fotojounalis ke Chery Dieu-nalio t ap fè nan kad festival le kit. Chery Dieu-nalio se yon gwo tonton fotojounalis ki charye yon pakèt eksperyans dèyè do l. Byen avan fòmasyon sa, Richard Pierrin pa t kache pou l avwe nou ke li aprann fè foto ak videyo sou YouTube pandan l te tou pwofite voye yon mesaj bay jèn yo

“M ap tou pwofite di tout jèn sa, anyen pa enposib pou aprann gras ak teknoloji sa”.

Modèl jèn fotograf ak videyograf la se Chery Dieu-nalio, Jeanty Junior Augustin, Marc Hervé Abelard, Johnson Sabin, san l pa t bliye site moun ki te inisye l yo ki se Jcarlweidler ak Deewoy (Folifoto).

Rèv ti jèn lan gran anpil kote l deklare li vle ale pi lwen epi kapab reprezante Ayiti nan domèn li an

“Pi gwo rèv mwen nan fotografi se ale pi lwen ke jan m panse a vin youn nan moun ki ka reprezante Ayiti nan domèn sa”.

Richard Pierrin ki di l pa limite tèt li ankouraje jèn parèy li yo rete fokis epi travay san kanpe

“Sa m ap di tout jèn parèy mwen yo se kwè nan sa w ap fè epi fokis pa kite lespri negatif fè w twouble. Travay san kanpe”.

Dekouvri plis:

Roody Roodboy ap pare pou lanse l nan biznis

Plus de contenu

Actualités

Les Etats-Unis réaffirment leur soutien a la liberté de la presse en Haïti et la protection des journalistes en cette journée marquant la déclaration...

Actualités

Haïti: le journaliste d’AlterPresse Edner Fils Décime remercie chaque personne qui a aidé à sa libération. Le journaliste d’AlterPresse Edner Fils Décime, kidnappé le...

Actualités

Haïti: un journaliste a été tué par balles alors qu’il couvrait le mouvement de protestation des ouvriers de la sous-traitance. Un journaliste répondant au...

Monde

Turquie: la journaliste Sedef Kabas a été placée en détention provisoire pour avoir insulté le président Recep Tayyip Erdogan.  Les autorités du gouvernement turc...