Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Richie Young t ap pale de nouvo mizik li ki rele “Confession”

Richie Young t ap pale de nouvo mizik li ki rele "Confession"
Getting your Trinity Audio player ready...

Atis Richie Young t ap pale de nouvo mizik li ki rele “Confession”.

Atis Richie Young te rankontre Juno7 yon semèn aprè li te fin soti mizik ak tout videyo ki rele “Confession”. Konsène a te pwofite prezante tèt li, pale de mizik sila epi bay detay sou lòt pwojè. Ansanm an n gade pi ba nan atik la kijan l te reponn kesyon redaksyon an.

Juno7: Prezante kiyès ki Richie Young lan?

Richie Young: Bon non mwen se Richard Charles. Non atis mwen se Richie Young. Mwen Fèt Pòdepè, Ayiti. 

Juno7: Depi kilè w ap fè mizik?

Richie Young: M kòmanse fè Mizik tout Piti, m kwè m te kapab gen 8 an. Depi tou Piti m te deja konnen ke mizik se te yon pasyon chak jou ki jou ki vin devlope pi plis. Chak jou aprè lekòl se mizik avèk foutbòl ki te plezi mwen. 

Juno7: Sa k te pouse w rantre nan domèn sila?

Richie Young: M antre nan domè mizik paske li nan sanm. M reyalize ke San mizik lavi m pa konplè. Mwen rantre nan mizik biznis lan paske mizik mwen kapab pote mesaj ke moun bezwen epi anvi tande.

Juno7: “Confession” fè yon pale n de mizik sa?

Richie Young: Confession se yon mizik ki pale de lanmou, doulè, perèz nan relasyon. Confession pale de yon lanmou ke ou panse ki pa t menm egziste ankò. Men ou jwenn yon moun ki fè w trouve lanmou ke w pa t Janm panse a. Epi ou vin reyalize se avèk moun sa ke ou vle fè rès vi w paske li nan gou w. Epi li bay lavi w sans li te bezwen an. Malgre perèz lanmou avèk move eksperyans ou vle pwouve l wap toujou la, epi w ap toujou renmen l san manke. 

Juno7: Kouman feedback la ye?

Richie Young: Feedback yo trè pozitif, pou mizik lan ni pou videyo an. Moun yo renmen tèks lan ak vibrasyon an anpil. 

Juno7: Konbyen moun ki travay sou pwojè sa?

Richie Young: Sou projè sa nou gen 4 moun ki travail sou li. Mizik lan pwodui pa Haspen. Pawòl ak melodi se mwen menm avèk atis Mandela ki travay yo. Epi videyo an se Smitty i produce ki reyalize li. 

Juno7: Konbyen mizik ou gen nan repètwa w?

Richie Young: Mwen gen 4 Mizik ki disponib sou tout platfòm yo ke moun yo kapab stream. 

Juno7: Apre mizik sa, ki lòt pwojè Richie Young genyen?

Richie Young: Aprè mizik sa m ap di moun yo branche epi swiv mwen sou Rezo sosyal yo @richieyoungmusiq pou yo kapab gen nouvo enfo sou lòt pwojè k ap vini yo. Men nou gen Bagay n ap lage san kanpe. 

Juno7: Ki atis ou santi ki modèl ou oubyen w ap swiv?

Richie Young: M renmen tout atis k ap byen travay, k ap pwodui bèl mizik. M pa gen yon atis fiks ki modèl mwen. Modèl mwen se tout sa ki pozitif avèk tout sa ki bon. Tout atis ki bon e k ap byen travay se yo ke m swiv e se yo ki enspire m pou m fè pi bon travay. 

Juno7: Yon mesaj pou n fini

Richie Young: Bay Ayiti yon chans.

Richie Young t ap pale de nouvo mizik li ki rele "Confession"

Dekouvri plis:

Vers l’installation de la quatrième judiciature

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu