Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Rochenel Jean, Manager gwoup K-Dans lan pati kite peyi a ak fanmi l pou menas lanmò l ap resevwa

Rochenel Jean, Manager gwoup K-Dans lan pati kite peyi a ak fanmi l pou menas lanmò l ap resevwa

Rochenel Jean, manager gwoup mizikal K-Dans lan pati kite Ayiti ak 2 pitit li pou menas lanmò l ap resevwa.

Mèkredi 8 septanm lan fè yon mwa depi Rochenel Jean ki se manager gwoup mizikal K-Dans kite Ayiti epi ale viv nan peyi etranje (sou demann li, nou pa mete peyi l ap viv la) paske li t ap resevwa menas depi aprè zak kidnapin ki te fin fèt sou Vilaire Rozier, batè gwoup mizikal K-Dans lan.

Nan yon apèl telefonik ak Juno7, Rochenel Jean fè konnen nèg sou moto te vin nan katye kote l rete epi ap mande pou li, yo te menm bay vwazinaj presyon pou montre yo kay li rete. Byen avan nèg sa yo te vin sou moto, manager a te konn ap resevwa menas nan telefòn tout lè li te konn ap negosye pou fè lage Vilaire Rozier endividi te kidnape nan mwa jiyè pase a.

Rochenel Jean ki t ap pale ak yon vwa tris fè konnen li te oblije pati kite peyi a ak 2 pitit li paske li santi vil an danje. Li pa konn menas sa yo si se pou eseye kidnape l oubyen tiye l. Rochenel Jean fè konnen dèfwa kote l ye a li konn rete li kriye paske li santi se rekòmanse li pral rekòmanse a zewo pou fè vi l epi okipe fanmi l alòske li kite Ayiti pandan li t ap fonksyone ladan l, yon sitiyasyon ki fè l fistre anpil.

Malgre fistrasyon, tristès ki anvayi l depi lè l kite Ayiti, Rochenel Jean pa anvi retounen nan peyi a kounya akoz menas sa yo epi anyen ki pa garanti pou li ak fanmi l kote l ap viv ak tansyon menas lanmò, menas kidnapin.

Rochenel Jean ki te mennen demach pou libere Vilaire Rozier yo te kidnape fè konnen “eta espri l pa a 100% aktyèlman paske li pa lakay li, se pa t plan l kouri kite Ayiti epi oblije ale viv yon lòt kote”.

Rochenel Jean estime ke menas sa yo vini pandan peryòd yo te kidnape Vilaire Rozier. Selon sa l di “Ta sanble ravisè yo fache paske dosye a te pran laprès, li te nan lapolis, sa ta fè chèf gang lan fache ki fè l ap resevwa menas sa yo”.

Rochenel Jean mande ak Leta pou pran responsabilite l pou bay konpatriyòt yo sekirite epi raple chak grenn ayisyen ki kite se yon sèvo ki kite, li pa bon pou peyi a epi te tou pwofite mande ak chèf gang yo bay peyi a yon ti chans.

Rochenel Jean, Manager gwoup K-Dans lan pati kite peyi a ak fanmi l pou menas lanmò l ap resevwa

Dekouvri plis:

Ariel Henry rencontre les partenaires techniques et financiers du secteur de l’éducation en Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Kidnapin sou Vilaire Rozier, batè gwoup K-dans, ravisè yo mande 500 mil dola pou libere l. Vilaire Rozier se non sitwayen sa ki anba...

Culture

Absent de la scène musicale depuis plusieurs mois, le groupe K-Dans qui depuis plus de deux semaines, s’activait auprès des médias traditionnels et sur les...