Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Roody Roodboy ap pare pou lanse l nan biznis

Roody Roodboy ap pare pou lanse l nan biznis

Si mizik toujou konsidere tankou yon biznis pou moun viv, anpil atis kit lokal oubyen etranje toujou anbrase lòt chan nan biznis lan pou pèmèt yo rantre plis epi viv pi byen ak ranje chita yo.

Se nan sans sa, nou toujou wè atis yo renmen kreye pwòp liy vètman yo, patenè nan lòt biznis oubyen achte aksyon tou, yon fason pou pèmèt yo ogmante kapital ekonomik yo.

Pa bò lakay, atis Roody Roodboy ke dènyeman yon ensidan te rive l Okay, anonse jodi mèkredi 13 janvye 2020 an, sou kont Twitè l ke ane sa l ap pare pou soti 2 kas.

Anndan twit sa ke l fè a 10 zè 15 maten an, li te kòmanse pou l di ak fanatik li yo ke l pa sèlman yon senp anbasadè Joker Electronic, men l se yon patenè nan biznis lan tou.

Chantè mizik “M pa kyè” a te kontinye pou l di l ap soti 2 kas ane a k ap pote non “Roodboy1 ak Roodboy2″. Pandan l te pwofite di ke l konte sou sipò tout moun pou nouvo avanti sa.

Konsène a pa bay twòp detay sou lè pwodui sa yo ap soti, toutfwa li fè konnen plis detay ap vini nan jou yo la.

Roody se pa sèl atis ayisyen ki deside mete pwodui deyò. Nou ka site atis Izolan ak izobox, Rutshelle ki gen RGLux Beauty ak plizyè lòt atis ankò ki pa sèlman fè mizik pou viv men ki anbrase lòt domèn tou.

Dekouvri plis:

Komemorasyon 11 lane goudougoudou: BSEIPH òganize yon fòmasyon sou aksè a yon anviwònman bati

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Roody Roodboy bay rezon ki fè l te rele Baky epi avwe li pare pou l jwe sou menm sèn ak atis la. Nan...

Culture

Roody Roodboy présente le morceau “Marry Me” une collaboration avec le chanteur nigérian Wiz Ofuasia. L’artiste haïtien Roody Roodboy s’est associé à l’artiste nigérian...

Aktyalite AN KREYÒL

Roody RoodBoy prezante jodi Mèkredi 12 me 2021 an, non otèl El Rancho, nan petyonvil, 2 nouvo kas «bluetooth» li yo ki pote non...

Actualités

Yon ensidan pase maten dimanche 10 janvye a, bò 3 zè, nan vil Okay, anndan klèb Backyard, ki ta koze tèt Roody Roodboy pete...