Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Rozo G ap pale de nouvo mizik li fè ak Rayy Raymond an

Rozo G ap pale de nouvo mizik li fè ak Rayy Raymond an

Rozo G ki se yon jèn atis te rankontre ak redaksyon Juno7 la pou pale de tèt li, de pwojè li gen k ap vini epi pale de nouvo mizik li an ki rele “Si w swiv mwen” ke l chante ak Rayy Raymond. Mizik sa gen anviwon 49 mil vyou sou YouTube apre yon mwa ke l soti. An n li entegralite entèvyou a

Juno7: Pale nou kiyès ki Rozo G a?

Rozo G: Rozo G se Sony Moïse, mwen se yon jèn leyoganè, enfòmatisyen, reyalizatè videyo, etidyan 3 èm ane nan diplomatik, rapè, powèt, epi papa yon bèl pitit gason Ki rele Ariel.

Juno7: Kote non Rozo G a soti?

Rozo G: Non Rozo a se gran mè mwen ki te ban m li paske m te malad anpil yo t panse m t ap mouri epi m sove yo di m se Wozo mwen pliye mwen pa kase mwen leve a non an m just ekri k ak R epi m mete G a pou deziye Gran.

Juno7: Depi kilè w ap fè mizik? Sa k te pouse w anbrase domèn sa?

Rozo G: M ap fè mizik depi 2005, se te pasyon m pou pwezi Ki premye rezon ki fè m chwazi fè mizik paske m fè etid segondè mwen Lycée Antenor Firmin m te abitye a ekri pwezi, enprime yo al vann nan lòt lekòl e lè mwen kanpe nan klas yo ap deklame pwezi yo m te santi yon fyète alòs mwen di m ap lanse m nan mizik paske m renmen fè moun tande m.

Juno7: F on ti pale nou de mizik “siw swiv mwen”

Rozo G: Si w swiv mwen se fason mwen chwazi pou m pale de lanmou jan li ye a paske anpil fwa sijè lanmou yo limite a ban m men w m ap fè bonè w ou p ap janm kriye si w ban m on chans, kite m mennen w kote tristès pa egziste. Men nan si w swiv mwen tèks la rakonte si w ban m yon chans w ap souri men pafwa tou w ap kriye, ap gen eprèv men n ap simonte yo ansanm paske yon moun ki ofri w kè kontan selman nan manti ou met kwè m. Donk si w swiv mwen c lanmou nan vrè fòm li.

Juno7: Poukisa se chwa Rayy Raymond pou feat bò kote w?

Rozo G: Mwen te chwazi Rayy pou 2 rezon premye a Paske m renmen vayb li a e dezyèm nan paske manager li a ki te Olivier Jimmy se te kondisip mwen, jwenn li te parèt pi fasil pou mwen epi mwen te vle se Oh sound studio ki prodwi mizik la.

Juno7: Kijan feedback mizik sa ye apre yon mwa videyo a soti?

Rozo G: Feedback la pozitif jiskaprezan menm si onètman mwen te swete li fè plis siksè, men mwen satisfè e mwen di se yon klasik yon mizik k ap la pou tout tan moun yo selman bezwen ti tan pou apresye l.

Juno7: Si yon moun vle klase Rozo G nan ki rejis li dwe mete l. Atis konpa, zook, rapè….

Rozo G: Rapè

Juno7: Ki pwochen pwojè w?

Rozo G: Mizik a tout video, youn feat Andy Beatz kap tou anonse yon EP m ap soti byento.

Juno7: Ki jan w konprann mache mizikal ayisyen an?

Rozo G: M panse entènèt la jwe yon gwo wòl menm si anpil moun ap mal itilize l e mwen remake biznis lan vin a la fwa senp e konplike paske mizik yo manke vann e atis yo manke jwenn valè ak enpotans yo merite.

Juno7: Yon mesaj pou n fèmen entèvyou a.

Rozo G: M swete tout atis yo konsyan ke mizik la ka ede nan edikasyon Jenn yo e ke yo se modèl anpil moun si yo fè yon move chwa konsekans lan pa pou yo sèlman pske gen moun K ap reprodwi chak sa yo fè epi mwen pwomèt anpil chanjman nan tèks mwen yo ak fason m ap trete sijè yo. Mesi Juno7 pou opòtinite sa.

Dekouvri plis:

Drapo peyi a tèt anba: Ministè touris soti yon nòt pou pote eskiz

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu