Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Sa k ta pouse divòs ant Blondedy ak mari l?

Sa k ta pouse divòs ant Blondedy ak mari l?

Vi prive atis pa bò isit se pa bagay ki twò piblik, sitou pou sa k gen pou wè ak vi amourez yo, kesyon divòs oubyen maryaj, sa yo prèske prive oubyen si yo pa prive, pa vrèman gen twòp detay. Men, Blondedy Ferdinand te etone anpil moun lè l anonse yè madi 2 desanm lan ke l sou wout divòse ak mari l (divòs la an atant).

Konsène a anonse nouvèl la sou kont pèsonèl li kote l presize ke l twouve l nan obligasyon pou l sepere ak mari l, ki se papa pitit li. Depi apre mesaj sa, entènèt la se dife avèk kòmantè moun k ap kesyone sa k ta pouse chantez la pran desizyon sa.

Nan kèk kòmantè moun sou rezo a oubyen sou katye yo, yo rale agiman atis D-Perfect kòmkwa ki ta fè sa rive la, ki ka pouse mari a ap fè jalouzi epi pouse jis nan divòs. De agiman ki pa fin twò valab lè n konnen ni Blondedy ak D-Perfect pa janm parèt yon fwa pou di yo gen yon relasyon amourez.

Gen moun ki panse se ka nivo lanmou an ki bese parapò ak pil monte desann Blondedy depi anviwon 3 zan epi ki vin pa twò gen tan pou mari l akoz li plis ap jere kesyon piblik, jere imaj li sou rezo a, jere biznis li epi bif Florence lan pou l toujou konpetitif ki ka fè tout sa yo fè l bese nivo atansyon l te konn bay mari a byen avan li po t ko pran medya konsa. De ide ki ka kenbe, sitou nou konn tande atis gason yo konn ap di yo konn pa gen tan pou fanmi yo tèlman y ap jere biznis mizik. De konpòtman ki konn gen gwo konsekans sou relasyon amourez yo.

Moun pa sispann kòmante pou chache konnen. Men, Blondedy po ko pare oubyen pa sou bay rezon ki mennen ak divòs la paske l deklare l ap fè tout sa l kapab pou gade pwoblèm pèsonèl yo prive. Kidonk se konsène a ki ka di vrè rezon ki mennen l divòse ak mari l apre 3 zan.

Dekouvri plis:

Flach: Yo jwenn ansyen minis Guyler C Delva vivan nan yon otèl nan Petyonvil

Plus de contenu

Culture

Blondedy Ferdinand et le rappeur Wendy chantent les louanges du seigneur. Blondedy Ferdinand et le rappeur Wendyyy unissent leurs voix sur le morceau “Piwo”...

Culture

Plus d’un million de vues en moins de 24h pour « Podyab yo », la réponse du couple Blondedy Ferdinand/D-Perfect aux détracteurs de leur...

Monde

Nijerya: Yon fanm mande divòs paske “kòk” mari l twò gwo. Nan peyi Nijerya, Aisha Dannupawa mande mari l Ali Maizanari divòs aprè yo...

Société

Yè sou paj Facebook li, Anthony Drew poste yon foto kote l kouche ak Blondedy Ferdinand. Foto sa fèt nan peyi vwazen an, Repiblik...