Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Sante: Tout sa w dwe konnen sou mak nwa ki konn anba kou kèk moun

Sante: Tout sa w dwe konnen sou mak nwa ki konn anba kou kèk moun

Anpil fwa sa konn rive n al tonbe sou yon moun (Fi kou gason) ki gen mak nwa anba kou yo oubyen lòt pati nan kò yo. Gen moun ki konn panse se tras brile, mak pitit, kras ki gonfle sou moun lan, dèfwa tou nou panse se douko moun lan t ap douko. Inyorans sa yo konn fè n bliye danje ki kache dèyè mak nwa sa, daprè sa etidyan nan medsin nan UNIFA, Faïly Anderson Trazil te eksplike nou nan kad rechèch li toujou ap fè sou medsin prevantiv.

Avan nou t ale pi lwen nan konvèsasyon an ak Faïly, li te pran swen pou eksplike nou kijan mak nwa sa rele epi ki sa li ye nan detay li t ap ba nou yo

“Plak nwa sa rele Acanthosis Nigricans, se yon maladi nan po li ye. Maladi sa parèt pi souvan lakay moun ki obèz ki vle di twò gwo epi li anonse moun sa dyabetik oubyen li pral dyabetik”.

Faïly Anderson Trazil te kontinye pou l fè konnen dèfwa tou mak nwa sa yo konn yon alèt pou di moun lan genyen oubyen koumanse devlope yon kansè nan youn nan ògàn ki anndan l yo tankou lestomak oubyen fwa.

Faïly Anderson Trazil presize ke mak nwa sa yo ki konn sou moun yo pa mache ak okenn doulè ki pou ta fè moun lan santi li malad. Men nan eksplikasyon l yo, li jis di moun lan ka sèlman santi li manke alèz akoz se yon pati nan po a ki vin fonse ki konn fè defo lè nou konnen jan moun yo sansib pou po yo.

Jan nou te di pi wo a, mak sa yo leve anba kou medam yo ak zesèl yo. Faïly Anderson Trazil te pote eksplikasyon sou sa ki ta lakoz mak sa, daprè etidyan an se yon ogmantasyon melanin ki ta lakoz sa

“Mak sa yo koze pa yon ogmantasyon melanin. Se yon reyaksyon ki montre ke po moun ap fè rezistans ak yon to ensilin ki twò wo”, daprè eksplikasyon Faïly.

Nan chache konnen si moun lan kapab fè prevansyon kont mak sa yo, Faïly te klè kou dlo kòk nan pawòl li yo pou l di depi mak getan parèt pa gen kesyon prevansyon. Enpòtan an daprè sa l di se ale kay doktè pou moun sa konnen èske se Acanthosis Nigricans li genyen oubyen se jis yon mak ki pa danje.

Mesye Faïly, te kontinye pou l di mak sa yo kapab efase pandan l te pwofite bay ki fason sa kapab fèt

“Wi si moun lan pran medikaman epi redui to sik la nan san li, fè espò, epi li manje pi byen (plis ekilibre) yo kapab koumanse efase”, daprè sa li asire.

Jèn etidyan sa ki gen yon  notoryete sou paj Facebook li ak rechèch li toujou ap fè sou medsin prevantiv te mande moun ki remake mak nwa sa sou po yo dwe ale kay doktè yon fason pou limite dega sa koze sou sante yo

“Nou tout konnen pi bonè se granm maten, Depi yon moun ta remake mak sa yo, li enpòtan pou w vit wè yon dèmatològ yon fason pou w konnen ki koz li epi pou w kapab pran sa an chaj”.

Dekouvri plis:

Ti Gwav: Elèv lise Faustin Soulouque leve kanpe kont arestasyon yon kanmarad yo

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu