Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Sa k yon lakou? Poukisa gason ki gen lwa gen estil fanm? Euvonie Georges Auguste pale sou vodou a

Sa k yon lakou? Poukisa gason ki gen lwa gen estil fanm? Euvonie Georges Auguste pale sou vodou a
Getting your Trinity Audio player ready...
Dimanch 1e novanm ki sot pase la, anpil vodouyizan t ap fete gede. Gen nan yo ki fete fèt sa ki pa vrèman konnen anyen de li, gen obsèvatè tou ki jis wè fèt sa pase epi pa gen twòp ide tou de li.

Nan sans sa, redaksyon Juno7 te ale bò kote manbo Euvonie Georges Auguste ki t ap eksplike anpil bagay sou vodou a nan ti pale nou te gen ak li.

Premye bagay Madam Euvonie te chache fè diferans pou nou se 1e novanm ak 2 novanm epi diferans ant gede ak la tousen. Li te bay eksplikasyon yo konsa

“Nan vi vodouyizan pa gen fèt la tousen. La tousen se fèt legliz, se legliz katolik ki fete tout sen yo, kote sen yo te moun avan, epi yo mouri, epi yo kanonize yo. Pou vodouyizan an nou menm nou fete zansèt yo, mò nou. Se jou kote nou selebre memwa mò nou”.

Li te kontinye pou l di: “Se nan lanmò lavi boujounnen. Sa vle di lanmò pa egziste san lavi, lavi pa egziste san lanmò. 1e novanm nou kite jou a pou nou selebre lanmò epi 2 novanm lan nou selebre lavi”.

Chak 1e novanm lari Pòtoprens e menm an pwovens toujou chaje vodouyizan k ap bay espektak, anpil konn ale simityè tou. Nan moman sa, se toujou yon plezi pou anpil kirye kanpe gade, genyen ki kritike tou parapò ak kwayans yo. Konsa tou genyen k konn aplodi epi pran plezi yo nan anbyans gede yo.

Se yon jou ki enpòtan nan lavi vodouyizan an, se rezon ki fè Euvonie t ap eksplike nou pou l di lwa gede a se yon lwa ki pote non yon pèp pandan l tou atire atansyon nou ke nasyon ayisyèn lan fòme de 21 nanchon. Li te kontinye pou l di parapò ak tout senbolis ki gen anndan gede a, ki montre nou sa nou ye vrèman, vin bay anpil enpòtans lakay vodouyizan an paske gede a se espri ki pi pre moun, li viv imanite nou avèk nou, selon manbo Euvonie Georges Auguste.

Anpil moun toujou konn tande y ap di “Yo di bawon pa lwa e m konnen bawon se lwa”. Nan fouye zo nan kalalou pou chache konnen, madam Euvonie te bay anpil detay pou rive ak koze bawon an.

“Lwa se sa yo ye nan tèt pa nou vodouyizan. Lwa yo se enèji ke yo ye. Men genyen enèji primè yo epi genyen enèji segondè yo. Nou pral jwenn enèji sa yo nan twa dimansyon. Premye dimansyon an se dimansyon prensip kote lwa a se prensip li pa ka chanje, kote li reji limanite.

2e dimansyon an se lwa entèmedyè kote yo lib, yo nan nati a, yo lib y ap monte desann nan mitan popilasyon an, se yo nou fè sèvis pou yo. Twazyèm dimansyon an se jenetik la kote lwa a nan moun, kote ou erite lwa sa yo bò manman oubyen papa” epi l ajoute pou l di: “Bawon, mo a se Bahoun, espri bondye kote son espri ki nan yon dimansyon enferyè otokreye yo epi siperyè a limanite. Alò Bahoun se premye espri kreye, se premye ne kreyasyon an.

Li vin yon espri ki pre moun paske l fè relè ant moun ak diven an. Bawon an se sa l ye a, li pa ka pa lwa, men li genyen yon misyon byen presi ki se gadyen lavi”.

Nou toujou tande pale de lakou nan koze vodou, gen moun ki konn ale vizite yo, gen moun tou ki pa konnen sa sa vle di yon lakou oubyen yo jis gon imaj yon kay ki gen yon gwo lakou swa devan oubyen dèyè kote vodouyizan chita pale, repoze… Manbo Euvonie Georges Auguste te detaye kisa ki yon lakou nan sektè vodou a.

“Mo lakou a vle di kote bondye manje. Se apati de definisyon sa zansèt nou yo vin etabli yo pou kenbe linye etnik yo ki se 21 nanchon yo. Lakou yo reflete fason 21 nanchon yo te konn viv nan pase”. Lakou a daprè Euvonie reflete mòd fonksyonman 21 nanchon yo nan fason pale yo, manje yo, fè seremoni elatriye.

Nan dans lwa, lè espri monte nan tèt jèn gason anpil nan yo konn pale tankou fi, fè jès fanm. Moun ki konn ap gade epi pa twò konprann fenomèn sa konn kalifye jèn gason sa yo de masisi. Yon ide manbo Euvonie Georges Auguste rejte pandan l eskplike sa k koz sa

“Lwa yo se enèji, sou plan jenetik yo abite kò nou. Lwa ki abite kò a kèlkeswa sèks ou yo se antite feminen, antite maskilen. Genyen ki alafwa maskilen epi feminen paske li gen tou 2 jan yo, lè sa yo rele l demannyè kote yo pa gen nòm ni limite, yo ka vini nan kò yon gason epi yo aji nan jan ke yo ye a”.

En savoir plus :

Lanmò Evelyne Sincère: Radyo Karayib kanpe tout edisyon jounal li yo

Plus de contenu

Nécrologie

Getting your Trinity Audio player ready... Souffrante d’un cancer du pencréas, “Gran sèvitèz” Euvonie Georges Auguste est décédée ce mercredi 23 mars 2022. “Gran...