Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Salon antreprenarya Kafou, yon fason pou ankouraje jèn rantre nan antrepriz

Salon antreprenarya Kafou, yon fason pou ankouraje jèn rantre nan antrepriz

Salon Antreprenarya Kafou se yon aktivite medya an liy Kafou News ap òganize 1e me 2021 k ap vini la nan komin Kafou, sou sa k gen pou wè ak koze antreprenarya.

Nan yon ti pale nou te fè ak youn nan responsab aktivite sa ki se Blondy Wolf Leblanc, li te eksplike pou l di aktivite sa pran nan sousi pou akonpaye jèn antreprenè k ap evolye nan komin Kafou epi bay lòt jèn anvi anbrase chan sa.

“Nan sousi pou akonpanye jèn antreprenè ki ap evolye nan komin lan, ranfòse konpetans yo nan domèn lan, ensite lòt jèn ki gen lide men ki ap ezite toujou rantre epi kòmanse pa lanse yo nan antrepriz”.

Salon antreprenarya sa k ap fèt jan nou di an 1e me ap gen pou òganize anba tèm “Oser entreprendre” anndan Shekina otèl ki nan Thor 10, soti 9 è nan maten pou bout a 5 è. Yon salon kote pou moun vin patisipe se gratis, selon tout detay Blondy Wolf Leblanc bay medya a.

Toujou selon detay Leblanc, avan salon an 1e me, semèn sa ap gen aktivite ki pou anonse salon antreprenaryal sa. Aktivite sa yo se fòmasyon, rankont mentorat, fòmasyon sou elaborasyon plan dafè, atelye sou legalizasyon antrepriz, atelye sou maketin dijital.

Salon antreprenarya sa gen anviwon yon ventèn antrepriz k ap patisipe. Pwosesis pou yon antrepriz patisipe a pa vrèman difisil ni konplike selon eksplikasyon Leblanc

“Gen 2 fason sa fèt. Swa se nou ki envite yo, swa se yo ki kontakte nou parapò ak youn nan afich nou yo, yo wè”.

Blondy Wolf Leblanc fè konnen tou pandan aktivite sa ap gen eslamè epi 3 otè k ap fè vant siyati ki se Ansky Hilaire, Murielle Michema ak Leila François Damax. Li te kontinye pou l di feedback la trè pozitif paske selon eksplikasyon li bay “kominote a montre li te swaf yon aktivite konsa. Anpil jèn antreprenè motive pou vin prezante antrepriz, mak ak pwodui yo. Anfèt, nou sou wout pou n reyalize yon gwo aktivite”.

Rezilta manb òganizatè yo ap ret tann apre aktivite sa daprè Leblanc, se wè gen yon lyen solid ki tabli nan mitan jèn antreprenè yo, wè konpetans jèn antreprenè yo ranfòse nan domèn tankou maketin dijital ak elabrasyon plan dafè.

Salon antreprenarya sa ke òganizatè yo konte reyalize chak ane jwenn sipò Shekinah otèl,Laye Kreyasyon, KADRAJ, Stevlau Design, Appo Graphic Conception, Magistrat Jude Édouard Pierre ak Jwi Lavi.

Dekouvri plis:

Le corps sans vie de Flora Marine Nerestant retrouvé à Tabarre

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu