Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

“Satan 2”, misil ris sa gen kapasite pou detwi yon peyi ki nan gwosè Frans

"Satan 2", misil ris sa gen kapasite pou detwi yon peyi ki nan gwosè Frans

“Satan 2”, yon misil nikleyè ris ki gen kapasite pou detwi yon peyi ki nan gwosè Frans.

Satan 2 ki gen pou non ofisyèl “RS-28 Sarmat”, se yon misil nikleyè peyi Risi k ap dirije pa Vladimir Poutine genyen a dispozisyon l. Daprè yon atik sit Cnews, misil sa kapab detwi yon peyi ki nan gwosè Frans, peyi Frans gen yon sipèfisi 672 051 kilomèt kare.

Nan atik sa ki pibliye jodi samdi an fè konnen misil sa gen yon kapasite 10 mil kilomèt ki ba l kapasite pou l frape kèk vil an Ewòp oubyen kèk vil sou kot lwès peyi Etazini.

Daprè CNEWS, misil sa se misil ki pi puisan yo pa t janm kreye epi souliye okenn teknoloji defans antimisil pa ta an mezi arete l. Li gen yon pisans egzajere epi li ta ekipe de kèk teknoloji fitiv pou twonpe sistèm rada ènmi yo sa ki ta bay difikilte pou ta kanpe l sou wout li, si n kwè detay sit fransè a.

Toujou daprè sit la, misil sa ta gen douz tèt nikleyè ki ta pèmèt li detwi nan yon pousyè segonn teritwa ki nan gwosè Frans oubyen Tegzas nan peyi Etazini.

N ap raple w peyi Risi anva Ikrèn depi jedi pase a kote ris yo deja gen kontwòl plizyè teritwa ikrenyen epi ap eseye rantre nan kapital la pou ta poze men sou li.

Pou kounya, bilan yo rete louch pou konnen konbyen moun ki mouri ak pèt materyèl. Toutfwa, sa pa anpeche medya yo ap sikile chif otorite yo revele yo.

"Satan 2", misil ris sa gen kapasite pou detwi yon peyi ki nan gwosè Frans

Dekouvri plis:

Le trésor américain impose des sanctions au président Poutine et à trois autres hauts dirigeants russes

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

France: le gardien du PSG Keylor Navas accueille 30 réfugiés ukrainiens chez lui. Le gardien du Costa Rica et du PSG, Keylor Navas, a...

Monde

Volodymyr Zelensky appelle les citoyens du monde entier à manifester contre l’invasion russe. Ce 24 mars fait exactement un mois depuis que les troupes...

Monde

Guerre en Ukraine: les étudiants haïtiens ont été évacués vers la Slovaquie a annoncé le ministre des affaires étrangères haïtiens Jean Victor Généus. La...

Actualités

Google Maps désactive les données routières en Ukraine afin de protéger la population face aux avancées russes. Face aux avancées de l’armée russe sur...