Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sekretarya teknik komisyon miks ayisyano dominikèn te òganize yon konferans sou trafik medikaman

komisyon miks ayisyano dominikèn

Sekretarya teknik komisyon miks ayisyano dominikèn te òganize jou ki te vandredi 26 fevriye 2021 an yon konferans anndan otèl Montana nan sal Franck, yon konferans sou trafik medikaman.

Nan kad konferans sa ki te gen prezans pwofesyonèl sante ak etidyan nan medsin, Pierre Hugues Saint-Jean ki se te prensipal entèvenan an ki te abòde   kesyon trafik ak kontrefason medikaman an ki se yon pwoblèm sekirite piblik.

Byen avan mesye Pierre Hugues Saint-Jean te pran lapawòl, madam Marie André Amy nan lansman aktivite a te pale nan ki kontèks yon aktivite konsa reyalize

“Relasyon ant 2 peyi sa yo malgre pwoksimite jewografik yo ase souvan pa twò byen. Lè n rann kont de gran enpòtans relasyon ayisyano dominikèn li rete evidan ke nou dwe genyen analiz pi apwofondi epi mye estriktire sou relasyon ant 2 peyi yo patikilyèman sou sijè komès, devlopman, sante… sijè sa yo konstitiye pwen diskisyon ki pi enpòtan pou otorite 2 peyi yo, echanj sou tematik sa yo se yon sous avansman kiltirèl, sosyal ak ekonomik”, eksplike responsab a.i STCMHD.

Pierre Hugues Saint-Jean nan entèvansyon pa l yo te eksplike ak piblik la  tout dimansyon kesyon trafik kontrebann medikaman an sou sosyete a epi eksplike tou kijan yo ka lite kont fenomèn sa.

Sendy François ki se yon etidyan nan medsin te eksplike pou l di sa l aprann de sijè a epi kisa fiti medsen yo ka pote pou fini ak pwoblèm medikaman kontrefè yo

“Aktivite ki te fèt jodia ede m konprann pakou medikaman k ap soti Sendomeng pou rantre Ayiti. Li te ede m konprann tou ki rega Ministè Sante Piblik genyen sou medikaman yo. Sa ede nou konprann kòman nou menm antanke fiti medsen nou kapab ede pou frennen medikaman kontrefè yo”.

Vandredi sekretarya se yon seri konferans ki fèt chak dènye vandredi nan yon mwa kote yo debat plizyè tematik nan kesyon rapò Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Konferans sa yo òganize pa Sekretarya teknik komisyon miks ayisyano dominikèn (Secrétariat Technique de la Commission Mixte Haïtiano-Dominicaine) ki se yon enstitisyon referans nan relasyon 2 peyi vwazen yo..

Dekouvri plis:

Attaque armée contre le substitut du commissaire du gouvernement Me Jeanty Souvenir

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Tribinal nan vil Pretorya peyi Afrik di Sid kondane yon kadejakè an seri pou pase 1 088 lane nan prizon. Desizyon sa vini aprè...

Insolite

Yon bagay ki siprann anpil moun pase an Azi, peyi End. Yon dam mouri pandan maryaj li ap selebre. Bagay sa pa t anpeche...

Monde

La Finlande, classé ” pays le plus heureux du monde” pour la quatrième fois consécutive Pour la quatrième année consécutive, la Finlande a remporté,...

République Dominicaine

Danilo Medina proclamé président du parti PLD et chef de l’opposition en République dominicaine. L’ancien président Danilo Medina, qui a gouverné entre 2012 et...