Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sektè demokratik la mande pèp la leve kanpe pou fèmen peyi a

7 fevriye - Sektè demokratik la mande pèp la leve kanpe pou fèmen peyi a
Photo : Ody Bien-Eugène | Juno7

Sektè demokratik la mande pèp la leve kanpe pou fèmen peyi a nan lide pou fè respekte konstitisyon an.

Reyisit de (2) jounen grèv sektè sendikal la te lanse a sanble fè opozisyon politik la reprann fòs. Estrikti sa a pwofite okazyon sila a pou l mande pèp la leve kanpe nan kat (4) kwen peyi a nan lide pou fòse prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa a paske, daprè sektè demokratik la, manda chèf leta a ap bout 7 fevriye k ap vini la a, jan atik 134-2 manman lwa peyi a rekòmande sa.

Nan yon kominike ki pote siyati anpil aktè nan opozisyon an tankou ansyen senatè Ricard Pierre, ansyen senatè Antonio Cheramy, ansyen senatè Nenel Cassy, ansyen minis Marjory Michel, ansyen majistra Rony Colin, Mèt André Michel; SDP a mande pèp la nan 4 kwen Peyi a leve kanpe pandan l ap itilize tout mwayen ki nan men l.

“Sektè Demokratik la mande chak dirijan,chak militan pou yo kontinye goumen san kanpe pou fòse Jovenel Moïse respekte atik 134-2 konstitisyon an pandan l pran angajman , yon lòt fwa ankò devan Nasyon an, pou l tabli ansanm ak tout lòt aktè ki vle pote kole ak pèp ayisyen an, yon tranzisyon koupe fache ki pral fè pwosè Petwokaribe a ak tout lòt krim finansye yo, pwosè tout masak yo epi k ap òganize yon konferans nasyonal granmoun ki dwe akouche yon lòt Peyi kote lavi ak dwa tout moun respekte”,se sa nou li nan kominike SDP a.

Nan dokiman sa a, sektè demokratik ak popilè a ki pwofite wete chapo l devan angajman anpil sektè nan lavi nasyonal la pran bò kote pèp la nan kad batay l ap mennen pou fè respekte konstitisyon an, voye yon pinga bay kòmandan an chèf Polis Nasyonal la, mesye Léon Charles, pou l fè l konnen opinyon nasyonal ak entenasyonal ap gade l paske kreyon pèp la pa gen gòm.

“Pèp ayisyen, sonje nan tout istwa Peyi a, yo pa janm fè nou okenn kado. Se nan kontinye goumen san pran souf n ap rive rache tout sa nou bezwen pou n viv tankou moun”,daprè kominike sila a.

Dekouvri plis :

Nan fè “ti bèf” moun ka pran maladi daprè dantis Joab Floradin

Plus de contenu

Politique

L’Organisation du Peuple en Lutte (OPL) appelle à la continuité de la mobilisation anti-gouvernementale partout dans le pays. Les structures politiques haïtiennes ne cessent...

Politique

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) réitère son appui au Premier ministre Ariel Henry et à sa demande de déploiement d’une force multinationale en...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...

Politique

Le directoire du SDP rencontre l’ambassadeur de France accrédité en Haïti, Fabrice Mauriès, autour de la situation Politique du pays. Le directoire du SDP...