Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Sezon powèm”, twazyèm rekèy powèm Joubert Joseph

"Sezon powèm", twazyèm rekèy powèm Joubert Joseph

Powèt Jounalis Joubert Joseph siyen samdi 26 desanm pase a, nan lakou Radyo Kiskeya, nouvo rekèy powèm li ki pote non “sezon powèm”.

"Sezon powèm", twazyèm rekèy powèm Joubert Joseph

Nan ti pale ak redaksyon medya a pandan vant siyati liv powèm sa, Joubert Joseph te pwofite pale de liv la pou l di ke ouvraj la gen yon trantèn powèm

“Se yon trantèn powèm ki nan liv la menm pa mete tit nan yo, mwen kite powèm yo konsa pou kite moun yo entèprete tèks yo jan yo vle e nan sezon powèm travay ki fèt la s on travay m te ka di ki fèt sou lang lan”, esplike jounalis Radyo Kiskeya a.

Pi lwen, otè Sezon Powèm lan fè konnen liv sa pale de ripti, tristès ki tente de ewotis tou anndan trantèn powèm ki anndan liv sa.

Sezon Powèm s on liv an kreyòl, otè a eksplike pou fè konnen li pa gen okenn prejije sou kesyon lang

“Mwen menm m te toujou kwè kreyòl s on lang tankou tout lang. Mwen menm, m pa t janm gen okenn prejije nan kesyon lang se sa k fè m pa reflechi chwa lang yo. Si sa vini pou m ekri an fransè mwen ekri an fransè, si sa vini pou m ekri an kreyòl, m ekri an kreyòl”.

"Sezon powèm", twazyèm rekèy powèm Joubert Joseph

Menm kan vant siyati a fèt depi samdi 26 la, Joubert Joseph fè konnen pou moun ki pa t la ki ta renmen jwenn liv la yo ka pase nan lokal “Édition Floraison” ki nan #191, ri Maglwa Anbwàz epi yo ka rantre an kontak ak li sou twidè, Fesbouk, Enstagram sou non Joubert Joseph. Liv la se 400 goud.

N ap raple w byen avan Sezon Powèm, Joubert Joseph siyen 2 premye rekèy deja ki se “15 poèmes pour un million d’étreintes” ak “Léa ou la beauté en mille morceaux”. Powèm Joubert Joseph yo gen nan yo etranje tradui an anglè epi genyen ki adapte nan mizik pa yon chantè fransè ki rele Dominique Tronc.

Dekouvri plis :

Multimaj Entertainment fete 7 lane egzistans li ak timoun nan lari yo

Plus de contenu

Religion

Vente-signature de l’ouvrage « Dominer au milieu de l’adversité » ainsi qu’un recueil de prières et déclarations prophétiques le 27 mars au Ritz Kinam...

Annonces

Ce jeudi 22 mars a 17h, à la Réserve, Renald Luberice signe son dernier ouvrage “Au nom d’une fille”. L’auteur défend la participation des...

Culture

L’album “SAW-WÈ” de Ded Kra-Z sera en vente signature au tout début du mois de décembre, au prix de 250 gourdes. Choisissez l’endroit le...