Connect with us

Hi, what are you looking for?

People

Shabba sou wout divòse, madanm li prezante sou Instagram moun ki nan vi pa l la

Shabba sou wout divòse, madanm li prezante sou Instagram moun ki nan vi pa l la
Getting your Trinity Audio player ready...

Atis Shabba sou wout pou l divòse, madanm li prezante sou Instagram moun ki nan vi pa l la.

Rezo sosyal yo chofe depi yè aprè midi aprè Herve Antenor anpil moun konnen sou non Shabba anonse anndan yon nòt piblik li entwodui pou plizyè rezon yon aksyon an divòs kont madanm li Diane Claude Antenor. Dam sa sou bò pa l pa t pran tan pou l reyaji lè l poste sou Instagram ak yon mesye li fè konnen ki se nouvo mennaj li gen nan vi l.

Mizisyen gwoup ekip la ki pa bay rezon ki ta pouse l pran desizyon sa eksplike pou l di nan dezyèm paragraf nòt sa, malgre tout tantativ pou te kenbe relasyon an pwòp ak jwenn yon ekilib familyal, sa pa t rive posib akoz kè 2 moun yo pa t ka pale alevwa pwopaje lanmou youn pou lòt.

Nan sans sa, ansyen mizisyen gwoup Djakout #1 lan fè konnen li depoze yon rekèt divòs devan avoka l pandan l te tou pwofite mande ak gran piblik la tout diskresyon yo dwe akòde l nan kad dosye a.

Aprè anons sa, anpil entènot te pran plezi ri nan istwa a, gen lòt ki te etone, kèk pwente dwèt sou fi a pou kalifye l kòm yon moun pye lejè. Anpil kòmantè ki sisite anpil pawòl anpil sou rezo a.

Aprè anons lan, madan Shabba (paske divòs la poko fèt) pa t pran tan pou reyaji sou kont Instagram li kote li poste ak yon mesye li apiye sou janm gòch li epi l ekri: “Officially introducing my new partner in life”. Ki ta vle di nan bon langaj kreyòl la “M ap prezante nou nouvo moun mwen gen nan vi m lan”, yon fason pou madanm lan montre sa pa fè l ni cho ni frèt koze divòs Shabba a.

En savoir plus:

Haïti: l’essentiel de l’actualité du vendredi 3 décembre 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Getting your Trinity Audio player ready... Le groupe EKIP annonce des tournées enflammées pour les deux prochains mois Lors d’une interview accordée à Juno7,...

Musique

Getting your Trinity Audio player ready... “Yo di pa gen 2 queen! Pa gen 2 queen! Only one!”, l’artiste du groupe Ekip,Shabba revient sur...

People

Getting your Trinity Audio player ready... Shabba resevwa yon kout pwen nan figi, chèn li kase. Kouman aksyon sa yo fè rive? Gwo deblozay...

Culture

Getting your Trinity Audio player ready... Le musicien Hervé Shabba Anténor, chanteur, percussionniste de longue date du groupe Djakout #1 a pris la décision...