Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Sherley Monfort, 20 lane, mouri apre li fin resevwa 20 kout kouto nan men mennaj li, daprè gran sè viktim lan

Sherley Monfort, 20 lane, mouri apre li fin resevwa 20 kout kouto nan men mennaj li, daprè gran sè viktim lan

Sherley Monfort ki gen 20 lane mouri nan lannuit 31 desanm 2020 pou louvri 1e janvye 2021 apre ke li fin resevwa anviwon 20 kout kouto nan men mennaj li ki pote non Zenndenn, dapre sa gran sè viktim nan rapòte nan mikwo kèk konfrè jounalis.

Aksyon sa pase Kanapevè, nan zòn Sentmari. Daprè eksplikasyon gran sè Sherley Monfort a, Zenndenn te g on relasyon ak ti sè li a men s on moun ki maletve ki konn bay moun kou, ki g on obsesyon, selon sa l di

“Zenndenn lan se yon bonòm ke l te nan relasyon avè l men ki gen yon obsesyon, ki vrèman maletve, ki konn bay papa l kou. Lè sè m lan reyalize li twò twò obsede pa li menm, li joure l gyèt manman, manman m tande epi l di l jou w vin ak jenòm sa lakay la ankò n ap mete w deyò. Men kote bagay la kòmanse”.

Pi lwen, gran sè a nan eskplikasyon l yo rapòte ke ta sanble Zenndenn lan sanble te konn frape Sherley Monfort paske gen moun ki te konn rapòte l sa men ti sè a te konn kache sa, se youn nan rezon manman l te deplase l voye l kay yon lòt gran sè li genyen.

“Men sanble l konn frape l, men l toujou ap kache sa. Men, gen moun ki konn rapòte m sa. M fè zen avè l, manman m fè l al fè plizyè mwa kay yon sè m ki Dèlma, misye chèche l, li menm li toujou la avèk li”.

Sherley Montfort ta pral deside kite Zenndenn apre ke papa endividi a ta pral rele l pou di l men pwòp pitit li ap goumen ak li, rale baton pou frape sou li

“Lè l resi wè sa twòp atò, jou l deside kite l la, se te yon fwa li aprann papa(Zenndenn) rele l li di men Zenndenn ap goumen avè l kòm se ou ke l konn tande, li di l men l ap pale ak Zenndenn, li pran yon baton pou l frape sou li. Kounya Sherley di se fini atò li(Zenndenn) s on moun malad”, eksplike gran sè Sherley a.

Si n refere n ak deklarasyon gran sè viktim lan, se vre Sherley te deside kraze yon kite sa men Zenndenn te vin obsede plis epi ap asele viktim lan kòmkwa li pa dwe kite l. Gran sè a menm rapote manman jenòm lan te konn ap nui Sherley tou

“Manman l tou asele sè m lan, nou te menm di nou ta pral pote yon plent pou li. Li di ke ou(Sherley) fè pitit mwen an fou paske li cho nan kò w, li cho nan kò w”.

Sherley Monfort resevwa plis ke 20 kout kouto ke sè a fè konnen. Li resevwa nan tèt, nan tete, nan lestomak. Gran sè a fè konnen se sa nan lestomak la ki te pi grav ki fè l pa rive kenbe, li mouri.

Sherley Monfort pa mouri sou plas, yo te getan kouri lopital ak li, li te pale daprè sa sè a eksplike. Men, sè a kritike sistèm sante a akoz manke swen, yon sitiyasyon anpil paran viktim toujou plenyen.

“Moun nan lopital yo mezanmi, Ayiti, gouvènman yo, fò nou leve pye nou, twòp moun ap mouri akoz de mank de swen lopital. Menm si se yon premye janvye lopital, moun yo pa ka jwenn chirijyen. Nou fè kontak nou jwenn chirijyen, chirijyen pa ka vini. Nou pa ka jwenn CAN(Sant Anbilansye Nasyonal). Lè n resi jwenn CAN, CAN vini twò ta, pou l pa bat”.

Apre Sherley Monfort fin resevwa pil kout kouto yo, selon sè a, premye moun li kwaze se yon zanmi fanmi an ki rele Daphné epi l di l: “Daphné m ap mouri wi, Zenndenn ki fè m sa”.

Sherley Monfort fèt nan lane 2000, li fè etid klasik li Senfranswa Dasiz. Jèn demwazèl sa vin lonje lis fanm ki viktim anba britalite gason malveyan nan sosyete a.

Dekouvri plis:

Faire des promesses à 36 jours de la fin de son mandat relève de l’imposture selon André Michel

Plus de contenu

Insécurité

Assassinat de Jacques Faubert Etienne: l’UEH ferme les portes des facultés les 7 et 8 mars en signe de protestation. Dans une note de...

Actualités

La Police Nationale d’Haïti ouvre une enquête autour de l’assassinat de l’inspecteur Telfort Ferais. La Police Nationale d’Haïti compte un nouvel assassinat dans ses...

Actualités

Assassinat de Evelyne Sincère :le directeur général de la PNH Rameau Normil déterminé à trouver les coupables comme le veut le président Jovenel Moïse....

Actualités

Une lycéenne enlevée puis assassinée en Haïti provoque émoi et indignation chez les internautes. Port-au-Prince , Haïti .- La découverte ce dimanche 1er novembre...