Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Si w pran bal nan aswè, w al lopital jeneral, ou gen 90% chans mouri”, daprè yon medsen

"Si w pran bal nan aswè, w al lopital jeneral, ou gen 90% chans mouri", daprè yon medsen

“Si w pran bal nan aswè, w al lopital jeneral, ou gen 90% chans mouri”, daprè yon medsen ki konn fonksyone anndan

Etidyan Gregory Saint-Hilaire mouri yè swa vandredi 2 oktòb la apre l te fin resevwa katouch nan espas lekòl Nòmal Siperyè (ENS). Selon tout dènye enfòmasyon yo, se ajan USGPN ki afekte nan Palè Nasyonal ki ta tire l. Li pa t mouri sou plas, li ta pral mouri anviwon twa zèd tan apre l fin resevwa bal paske lopital jeneral ki tou pre ENS pa t an mezi ba l swen, kamarad li yo te oblije kouri ak li nan Bernard Mevs men se te twò ta, li mouri.

Byen avan Gregory Saint-Hilaire mouri, nan yon ti pale ak yon medsen ki konn fonksyone anndan lopital jeneral, fè nou konnen yon malad gen 90 % chans pou l mouri si l pran bal nan nuit. Medsen sa ki te vle gade idantite l prive pa t jennen pou l lage deklarasyon an san filtè.

“Baz, si w pran bal nan aswè ou vin lopital la, ou gen 90% chans pou mouri. Sof si pwonostik vital ou pa angaje”.

Pou l kore sa l di a, medsen sa avwe pou nou sa k fè l di tout kondisyon ki reyini pou yon moun gen 90 % chans pa viv si l vin lannuit anndan lopital la.

Chiriji a pa gen senyò lannuit baz. Tout senyò al dòmi. Le tan pou yo ta vini pou alète anestezyo, prepare pou SOP, se ijans, k*** voye pou ou. San konte gen bagay ki pa genyen sou plas, se achte yo pral achte yo“.

Pi lwen nan konvèsasyon an, san ke l pa t sou fè blag, medsen an fè nou konnen sant lopital jeneral sifi pou tiye yon moun san l pa malad pandan l ajoute jan lopital leta a sal.

Pakont, medsen an deklare pou nou ke eta lopital jeneral ye a se pa paske pa gen bon medsen, okontrè li fè nou konnen gen bon pèsonèl sante pandan l avwe ke tout moun al bwase lòt kote paske lopital la pa gen moun vrèman k ap voye je sou li. Epi l ajoute pou l di

Lè moun yo ap pale medsen lopital jeneral mal, epi y ap ansanse medsen lòt kote, se ri m ri. Kòmsi se te lòt moun k ap travay lòt kote yo. Se menn yo menm lan, kote dlo a koule pi fre, se la tout moun pran refij yo“.

Apre tout revelasyon sa yo, yon moun ka ap mande tèt li ki chans li genyen pou l viv si l gon ka epi se lopital jeneral ki deja yon malad yo kouri ak li, yon lopital yo toujou ap kleronnen “le plus gros centre hospitalier du pays” ki tonbe an lagraba kote toujou gen grèv, pa gen bon kondisyon pou doktè travay, pasyan toujou ap peye po kase. Jan D-Fi di l nan yon mizik: Depi w rantre la se nan koulwa lanmò ou ye.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

L’étudiant Grégory Saint-Hilaire blessé par balles, est décédé

Plus de contenu