Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sitiyasyon panik nan Bèlè ak zòn ki anviwonnen l yo

10 Juin - Bèlè - Bel-air

Zòn Bèlè ap konnen yon van panik depi 5 è nan maten kote anpil katouch t ap tire jodi samdi 15 me 2021 an.

Selon enfòmasyon ki te rive jwenn redaksyon Juno7  fè konnen se afwontman ki genyen ant Nèg Bèlè ak baz Krache dife ki ta kreye sitiyasyon panik sa.

Sitiyasyon panik sa fè machann pa t ka vin vann vrèman anba lavil la. Zòn Bò Mache an fè, Ri Makajou, sitwayen yo kouri akoz pil tire ki te genyen.

Vè midi, nèg ame ke yon repòtè Juno7 pa t an mezi idantifye ki gwoup yo ye, desann Ri Dè Mirak ak Ri Pave epi tire anlè. Sa ki fè anpil moun kouri, repòtè a pa t konstate viktim apre pil tire sa yo.

Nèg k ap ranje telefón nan Ri Pave te oblije kouri epi ale refijye yo bò Ministè Enteryè.

Nèg ak zam sa yo te mete dife nan treto ki te kreye gwo flanm dife.

Pa t gen entèvansyon okenn polisye ki fèt.

Nan moman atik sa t ap ekri a sitiyasyon an te yon jan bese parapò ak avan.

Jounal la pako an mezi pou konnen si gen viktim nan popilasyon an  pandan moman panik sa yo oubyen si gen dega materyèl ki fèt.

Dekouvri plis:

Le DG a.i de la PNH, Léon Charles participe à une séance d’entrainement du SWAT

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

La PNH annonce une saisie d’arme à feu, de munitions et d’autres matériels à Bel-Air La Police Nationale d’Haïti (PNH) informe avoir réalisé une...

Éphéméride

Les éphémérides du jour: Les fêtes nationales, les événements importants … ce 30 novembre 2021 l’agence Juno7 vous apporte un rafraîchissement de la mémoire....

Éphéméride

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 10 juin 2021. 10 Juin 1817: explosion d’une poudrière...

Insécurité

Selon Pierre Espérance, défenseur de droits humains,”il n’y a pas eu d’affrontements au Bel-Air mais une attaque ciblée du G9″ Au cours de la...