Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kèk sitwayen pran lari pou mande jistis pou ansyen prezidan Jovenel Moïse

Kèk sitwayen pran lari pou mande jistis pou ansyen prezidan Jovenel Moïse

Kèk sitwayen pran lari pou mande demisyon premye minis Ariel Henry ak jistis pou ansyen prezidan Jovenel Moïse.

Kèk dizèn sitwayen te demare jodi madi 14 septanm lan devan ministè jistis yon sitin nan Ave Charles Sumner ki tap al vire an manifestasyon.

Moun sa yo te vin devan ministè jistis la pou mande ak minis jistis la Rockfeller Vincent pran tout dispozisyon pou bay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse jistis ki te mouri asasinen lakay li jou ki te 7 jiyè a.

Anpil nan moun sa yo te gen mayo nwa ki ekri jistis. Sitin lan ta pral vire an manifestasyon kote sitwayen sa yo te pase nan Plizyè wout ap chante epi mande demisyon premye minis lan Ariel Henry.

Anpil nan yo t ap di yo pral chache Ariel Henry pote bay komisè gouvènman an Bed-Ford Claude. Sa te fè yo pran direksyon monte Lali pou tonbe Boudon.

Repòtè Juno7 pa t remake prezans lapolis pandan manifestasyon sa ki t ap dewoule san okenn ensidan.

Manifestasyon sa vini nan yon moman kote yon akò politik apèn siyen ant PM lan epi manb opozisyon. Li vini tou nan yon kontèks kote gen chire pit ant Renald Lubérice, Rockfeller Vincent, Bed-Ford Claude fas ak Ariel Henry.

Kèk sitwayen pran lari pou mande jistis pou ansyen Jovenel Moïse

Dekouvri plis:

Bed-Ford Claude interdit au PM Ariel Henry de quitter le pays

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

L’ex-sénateur John Joel Joseph condamné à la prison à vie pour l’assassinat du président Jovenel Moïse par un juge américain, Jose Martinez. John Joel...

Actualités

Joseph Felix Badio, accusé d’implication dans l’assassinat de Jovenel Moïse, arrêté par la police. Considéré comme l’un des suspects clés dans l’assassinat du président,...

Actualités

L’ancien président haïtien, Michel Joseph Martelly souhaite que la justice puisse retrouver et punir les coupables de l’assassinat de Jovenel Moïse. Après avoir répondu...

Justice

“Seule la création d’un tribunal spécial ou d’une chambre spéciale peut favoriser la réalisation d’un vrai procès autour du dossier de l’assassinat de Jovenel...