Connect with us

Hi, what are you looking for?

Annonces

SMCRS ak meri yo mande popilasyon an pou respekte kalandrye pou ranmase fatra

Pòtoprens vandredi 10 Daout 2018.- Pwòpte peyi a se yon angajman chèf Leta Prezidan Jovenel Moïse pran e lap respekte l. De (2) semenn apre Prezidan Repiblik la fin distribiye 37 Kamyon bay majistra yo nan tout peyi a, anpil gwo avanse gentan fèt nan operasyon koukouwouj dèyè fatra a. Bonjan dispozisyon pran pou lave figi vil nou yo, nan lide pou ofri chak grenn Ayisyen yon anviwonnman pwòp, pou yo viv lavi yo tankou moun tout bon.

Yonn nan pi gwo desizyon ki rive pran, kèk jou aprè Prezidan Repiblik la Ekselans Jovenel Moïse finn distribye kamyon ak majistra nan komin yo nan lide pou tout vil, tout seksyon kominal nou yo pwòp, sèke SMCRS ak anpil meri kap itilize nouvo kanpresif yo rive mete sou pye yon kalandrye pou ka ranmase fatra pi byen.

Nap envite popilasyon an poul respekte kalandrye kolèk fatra syla poun ka rive genyen konba nap menen pou retire fatra nan la ri a kise salon chak grenn Ayisyen.

Inisyativ sa a, se yon prèv anplis Prezidan Jovenel Moïse respekte pwomès li fè pou travay nan tèt kole ak lòt otorite yo pou pote plis sèvis bay popilasyon an e pou jwenn plis efikasite nan aksyon leta yo ki vize amelyore kondisyon lavi tout moun kap viv sou bout tè sa a.

Ranmase fatra nan tout rakwen nan peyi a pou pwoteje popilasyon an kont jèm maladi, annatandan bon jan dispozisyon pou tranfòme dechè yo an pwodui ki ka reitilize anndan sosyete a, tankou pwopán, montre aklè Administrasyon ekselans Jovenel Moïse la deside ale nan yon lòt direksyon. Direksyon chanjman an. Direksyon devlopman dirab la.
Ann korel pou l kontinye vanse !

 

[views]

Plus de contenu

Actualités

Un récent rapport de la Fondasyon Je Klere citant un audit de la CSC/CA révèle que 39 millions de gourdes ont été mal dépensées...