Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Sosyete : kisa ki fè yon moun dous nan relasyon seksyèl ?

Koze fè sèks son bagay ki tèlman tabou nan sosyete a pou pale,menm lekòl kap fòme timoun oubyen anndan la famiy son sijè yo prèske pa debat ak timoun kap grandi yo.Dèfwa li konn menm parèt ensanse nan repons paran ap bay pitit yo sitou lè timoun nan mande Kijan sa ki nan janm li an rele,paran an jis kontante l di sa se kè w oubyen gen lòt ki di koulèv ou.Ki rann timoun nan ap grandi san jamè konn kò l vre e pafwa se zanmi kap fè yo dekouvri kò yo…Sou koze zafè fè sèks,anpil fwa jèn yo toujou repete jan vajen dous,kòm kwa pou gason yo se vajen fi a ki rann yo dous lè yap fè sèks.Bò kote fi yo,yo toujou di jan peni dous.Pou rive konprann sak fè yon moun dous nan relasyon seksyèl,ajans Juno7 deside te rankontre plizyè jèn ki abitye fè sèks e yo te deside bay enpresyon yo sou kesyon sa.Nan benyen pa gen kache lonbrik,kreyòl pale e kreyòl dwe konprann. 

 

Li pa diferan pou okenn moun(fi kou gason)depi yo getan konn sak rele fè sèks pou yo di w “Alon bagay dous” men si nap ret nan bon lojik,bagay sa yo toujou gen tandans a di ki dous konsa,gon bagay ki sisite l pou l dous.Èske se sik?

pou Peter ki gen 23 zan ki abite avni Poupelard,selon jèn sa,sa ki fè l dous konsa lè l nan relasyon se pati jenital li tou dabò(peni l) ,Peter kontinye pou l di lè l nan relasyon ak mennaj li,se vre li santi mennaj li fè l dous men tout sansasyon li santi an,dous li dous la se nan peni l li soti dabò e se sansasyon peni an ki rann li dous an reyalite.

Kathia yon jèn fi 34 lane pa twò diferan ak repons li bay,selon jèn fi sa,premye bagay ki fèl dous lè l nan relasyon ak mari l se vajen l,li pa kache pou l di se la li santi  tout sansasyon an,sitou lè mari l gen kapasite touche pwen G li.

Nou ta ka di  gon kategori de moun nan sosyete a,pou yo sak ba yo plezi ki fè yo dous nan relasyon se ti pati yo(vajen oubyen peni)selon yo menm se nan pwòp pati pa yo rejwiyans lan sòti.Men nou te ka apwofondi ide nou pou n di si moun lan santi se afè l ki rann li dous lè lap fè sèks nou te ka di se paske pati jenital moun li avè l la sisite pati pa l e rann nivo sansasyon ak dousè a ogmante.

Pou de seri lòt moun kondisyon dwe ranpli pou yo santi plezi nan relasyon yo gen ak patenè yo.Nou te tonbe sou Manuela nan riyèl Chrétien ,selon jèn fi sa pou l santi l nan yon relasyon seksyèl tout bon,Fòk nèg li avè l la konn fè lanmou e depi nan karès fòk li ka kòmanse fè l byen swente e selon Manuela fòk nèg la an mezi fè tou lè bagay pou li(souse po l,fè felasyon,ba l ti tap…)Manzè menm avwe lè l fè sèks ak de seri de nèg ki konn fè bagay sa yo,li souri li met 2 men sou kè l pou l di jan l santi l dous e konble seksyèlman e li menm deklare li ka fè yon semèn ap fantasmé sou rapò seksyèl li te fè a.

Tandiske pou Carlo ki abite Ravine Pintade(Nord Alexis)misye di li santi l dous lè lap fè sèks se lè moun li avè l la gon abilite nan pòz lap bal yo e jan li renmen lè fi chita ap egzèse sou pati jenital li.Jenòm lan al pi lwen pou di gen de seri de fi gwo dèyè,bèl moun,lèl sou kabann ak yo li pa fouti pa dous nan relasyon an.

Si gen moun se pwòp pati yo ki fè yo santi yo dous nan relasyon seksyèl,pou de lòt se kèk kondisyon ki dwe ranpli e kap mete tou 2 patenè yo nan po yo pou yo dous nan yon relasyon.

Nou tal fèmen mikwo totwa a nan riyèl Vaillant ak yon demwazèl 28 tan,ki te deside bay enpresyon l sou sijè sa.Pou Maggie,dous nan yon relasyon se pa yon bagay difisil ni fasil selon li menm.E li te eksplike sak fè sa

Tout moun gen sansasyon,e nòmal depi yon moun nan relasyon pou l santi efè sansasyon an.Efè sa vini pa rapò jan patenè a pran swen pou fè bagay ak lòt patenè li avè l la.Dèfwa ou konn santi w dous pa vwa moun lan sèlman,li ap fè lanmou ak ou epi li ap pale suav avè w,ou vin tèlman dous ou anvi vin avan si w pa fò sikolojikman.Dèfwa moun lan santi l dous paske li jis renmen po moun lan ki touche ak po l,pafwa e pozisyon patenè yo pran an ki konn fè jwiyans lan nan relasyon.E depi mantalman tout bagay byen prepare,gen dyalòg tout 2 patenè ap soti gayan e dous jan yo swete a.nan ka kontrè sam di la yo lap toujou difisil pou w wè moun lan di w li te dous oubyen rejwi paske depi kondisyon patenè a swete a pa reponn li ap jis yon bagay voup voup e sitou pou mesye yo ,nou riske wè nou sou fi a nap egzèse epi fi a ak telefòn li lap tchat sou whatsapp li pa okipe w paske li pa jwenn filing…”

An gwo nou arive konprann diferan fason yon moun santi l dous nan relasyon seksyèl e nou ka di si Bondye pat fè bagay sa,se lòm ki tap kreye l.Alós mesye dam nou gen obligasyon konvèse ak patenè nou pou nou rive konnen tout ti trik ki ka rann patenè nou dous nan relasyon seksyèl.Sak gen zòrèy pou tande,tande!

*Bon non moun yo chanje nan atik la pou gade konfidans sou idantite yo.

[views]

Plus de contenu