Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Tanpèt Elsa elwanye Ayiti pou ale Jamayik ak Kiba men otorite yo toujou kenbe vijilans jòn

Tanpèt Elsa elwanye Ayiti pou ale Jamayik ak Kiba men otorite yo toujou kenbe vijilans jòn

Tanpèt twopikal Elsa elwanye peyi a pou ale Jamayik ak Kiba men otorite yo toujou kenbe vijilans jòn

Bilten espesyal nimewo 11 ki vin jwenn redaksyon Juno7 la pou jodi dimanch 4 jiyè a, enfòme popilasyon an sou pasaj siklòn Elsa, fè konnen vijilans jòn pou kounya nan plan nasyonal jesyon risk ak dezas, pandan avan sa se te Vijilans wouj.

Bò 2 è maten an, ouragan Elsa te lokalize l a 17.9 degre altitid nò epi 75.1 degre lonjitid lwès. Anviwon 180 km Ès/Sidès vil Kingston, kapital peyi Jamayik.

Van ki akonpaye siklòn sa se 100 kilomèt lè. Deplasman li rapid. Presyon minimal li se 1007 ekto Paskal, selon tout dènye detay yo nan bilan meteyowolojik peyi a.

Pou peyi Dayiti, sant tanpèt twopikal Elsa li rapwoche li de Jamayik, li elwanye pati Sid peyi a konsiderableman. Toutfwa, enpak yo toujou la sou peyi an kote toujou gen van k ap soufle, lanmè a move, sa ki ka toujou pwovoke inondasyon sou kot Sid lan, se yon nan rezon tou ki fè otorite yo toujou kenbe vijilans jòn sou tout peyi a .

Vòl ak anbakasyon ki konn fèt sou rejyon Sid peyi an toujou entèdi jiska nouvèl lòd malgre tanpèt la ap elwanye l de peyi Dayiti .

Direksyon Pwoteksyon Sivil toujou mande ak popilasyon an rete vijilan, tande tout bilten yo, aplike konsiy otorite yo, mete tout sa k enpòtan yon kote ki sekirize, mete manje lakay nou, pa kanpe anba pye bwa, ni bò fenèt, pa eseye travèse ravin ak rivyè yo kap desann.

Tanpèt Elsa elwanye Ayiti pou ale Jamayik ak Kiba men otorite yo toujou kenbe vijilans jòn

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce dimanche 4 Juillet 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Météo

La météo prévoit des averses de pluies sur Haïti dont le département de l’Ouest en raison d’un front froid traversant le centre de la...

Météo

Le passage d’un fond froid dans les grandes Antilles est la cause de l’humidité qui s’abat sur Haïti depuis ce week-end. L’Unité Hydrométéorologique dans...

Météo

Les Antilles menacées par un système tropical, la Direction de la Protection Civile appelle à la prudence. La Direction générale de la Protection Civile...

Météo

Instabilité météorologique dans la Caraïbe et l’Atlantique : averses orageuses attendues sur plusieurs départements d’Haïti Un creux dans les différents niveaux de l’atmosphère situé...