Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Taylann: amoure yo dwe pote mask 14 fevriye pandan relasyon seksyèl yo

Taylann: amoure yo dwe pote mask 14 fevriye pandan relasyon seksyèl yo

Taylann: amoure yo dwe pote kach nen jou Sen Valanten an pandan relasyon seksyèl yo.

Fas ak koze kowonaviris la epi 14 fevriye k ap rive ki se yon dat lanmou pou anpil amoure ak amourèz, otorite sanitè nan peyi Taylann mande ak tout koup k ap gen pou anbrase, ale nan relasyon seksyèl pou toujou kenbe mask yo oubyen kach nen yo. Yon desizyon ki parèt komik pou anpil entènot. 

Kowonaviris pa yon maladi ki transmèt seksyèlman men ou ka pran li lè w ap respire pwòch ak yon moun oubyen lè w ap echanje krache nan bo”, se sa Bunyarit Sukrat ki se direktè Biwo Sante repwodiktiv nan peyi Taylann eksplike ak AFP.

Responsab ale pi lwen kote l envite amoure ak amourèz yo pou yo ta pase yon tès antijenik byen avan 14 fevriye a, yon fason pou evite kontamine ak maladi kowonaviris la.

“Pozisyon seksyèl fas a fas yo, bo pwofon yo, amoure yo dwe evite yo. Si posib pote yon mask pandan relasyon seksyèl la kapab ede redui risk kontaminasyon yo”, daprè Bunyarit.

Nan peyi sa, 14 fevriye vle  di anpil bagay pou sitwayen yo, sitou moun ki amoure yo. Si an Ayiti, moun renmen marye anpil  lè fèt fen dane yo, nan peyi Taylann se 14 fevriye anpil moun chwazi marye epi yo fè lanmou anpil tou jou sa.

Taylann: amoure yo dwe pote mask 14 fevriye pandan relasyon seksyèl yo

Dekouvri plis:

Des étudiants de l’ANDC ont organisé une conférence sur la communication

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu