Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Ti Gwav: Yon dife lakoz 4 kay brile, yon moun mouri

Ti Gwav: Yon dife lakoz 4 kay brile, yon moun mouri
Getting your Trinity Audio player ready...

Ti Gwav: Yon dife lakoz 4 kay brile, yon moun mouri.

Nan Ri « La Justice » ki nan Ti Gwav, yon kay ki twouve l nan zòn sa boule. Rezon ki ta lakoz sa, anndan kay sa yo konn estoke ak vann gazolin, daprè sa jounalis Guyto Mathieu fè konnen.

Dife sa koumanse pran nan kay la bò 9 è jodi madi 21 septanm lan, akoz absans ponpye dife sa te pwopaje arive boule twa lòt kay ki te kole kole ak kay ki te estoke gazolin yo.

Yon sitwayen ki rele Evens, se sou non sa tout moun konnen li, arive mouri brile pandan dife sa te eklate a. Yo jwenn sitwayen an anndan kay la. Selon sa konfrè a rapòte, sitwayen sa se yon machann gaz.

Si 4 kay arive brile pandan dife sa, gen lòt dega dife a koze paske li detwi bagay materyèl moun yo te genyen anndan kay sa yo ki ravaje pa dife a.

Kèk sitwayen ki t ap pale ak konfrè Guyto Mathieu lage responsabilite a sou do Leta yo di ki pa pran okenn mezi pou entèdi moun estoke ak vann gaz lakay yo ki se yon eleman nesesè men ki danje.

Se pa premye fwa kesyon gaz moun ap estoke ap mete dife nan kay epi fè viktim. Se yon sitiyasyon ki toujou lage rèl lakay anpil sitwayen, malgre sa pratik la toujou kontinye anba je otorite konsène yo.

N ap souliye tou ke dife sa se pa ponpye ki te vin etenn li, se popilasyon zòn lan ki te gonfle ponyèt yo pou limite dega dife a te ka fè plis.

Ti Gwav: Yon dife lakoz 4 kay brile, yon moun mouri

Dekouvri plis:

SDP mande pou otorite amerikèn yo kanpe sou rapatriman ayisyen yo

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le MSPP a vivement dénoncé cet acte de vandalisme, le qualifiant d’attaque inacceptable contre le patrimoine sanitaire du...

États-Unis

Getting your Trinity Audio player ready... Plus de 3 800 hectares sont partis en fumée en quelques heures, et plus de 31 000 personnes...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Ce lundi 1er juillet 2024, des gangs armés commencent à la démolition du Commissariat de Gressier Les gangs...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... La résidence du Directeur Général de la Police Nationale d’Haïti a été incendiée par des individus armés à...