Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dram nan Ti Gwav: Yon papa pann 2 pitit li apre li pann tèt pa l

Chèf gang Dèlma 95 lan, Ti Grèg, bwè dlo bouch li nan echanj kout zam ak lapolis

Yon chofè moto ki gen non jwèt Tono tiye 2 pitit fi li. Apre l fin pann yo, li pann tèt li nan yon pye bwa.

Aksyon sa pase nan 5 èm seksyon kominal Ti Gwav nan lokalite Kanari, selon eksplikasyon sekretè Biwo CASEC madam Michelle Louis ki te bay otorizasyon ak sekretè biwo a pale sou non l pou enfòme rès manb CASEC yo sou yon gwoup Watsap, daprè sa odyo a ap di.

Daprè eksplikasyon reprezantan an ki t ap pale anndan voice sa, li fè konnen se apre yon bouch louvri li te gen ak dam lan, fi a sove ale jwenn fanmi l, epi li te di l ap tiye tèt li, l ap tiye timoun yo

“Apre yon altèkasyon ke l te gen avè l, dam sa li sove li ale jwenn fanmi l. Misye ap chache dam lan kou chen fou li pa ka jwenn avè l, ebyen yè swa la apre kèk deklarasyon ke l fè li te di l ap tiye tèt li, l ap tiye timoun yo, anpil moun ba l konsèy pou l pa fè sa men yè swa sa rive fèt jan ke l ye a,

misye tiye 2 timoun yo paske li pann yo andedan kay kote l te ye a, li pike yo nan zòrèy tou pou yo te ka fin mouri epi pa laswit kèlke mèt aprè kote ke l ye a li mete yon kòd nan pye bwa li pann tèt li”, eksplike sitwayen an ki pa t mansyone non l nan voice sa.

Foto 2 timoun sa yo ak papa a ap sikile anpil sou rezo a kote nou ka remake timoun yo pandje anndan kay la ak kòd nan kou yo. Parèy tou pou chofè moto a ki se papa a ki pandje sou yon pye bwa kòd nan kou ak yon mayo manch long wouj, bout chòt.

Guyto Mathieu k ap travay pou radyo Préférence FM te konfime dram sa. Timoun sa yo papa a pann lan youn te gen 8 lane, pi gran an te gen 10 lane.

Dekouvri plis:

Opération à Village de Dieu: Le BINUH demande que les assassins des policiers soient arrêtés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Petit-Goâve: un adolescent de 12 ans s’est suicidé avec une arme à feu Wilgens Kerry Jean Jacques, âgé de douze ans, s’est suicidé le...

Nécrologie

Christine Alizé Jean-Jacques, la fille aînée de l’homme d’affaires Éric Jean-Jacques, s’est suicidée à New York. Christine Alizé Jean-Jacques, fille aînée de l’homme d’affaires...

Histoire

L’histoire tragique de l’assassinat de Demane St-Félix par son amant Gay Fredler Le meurtre de la commerçante Demane St-Félix a choqué la communauté de...

Monde

Corée du Sud: 59 morts et 150 blessés après un mouvement de foule lors de la célébration de la fête d’halloween. 59 personnes sont...