Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Tinich otèl: 3 moun mouri, 7 lòt nan yon eta grav ale lopital

URGENT: des membres de gangs déterminés à contrôler le Commissariat de Port-au-Prince et la base de l'UDMO

Enfòmasyon ki domine maten vandredi 18 desanm lan, se koze lanmò 3 moun nan otèl Tinich ki twouve l nan Dèlma 19.

Enfòmasyon yo revele ke lapolis de konsè ak jij de pè Jean Flory Raymond, dekouvri kò 3 moun anndan otèl sa epi 7 lòt ki twouve yo nan yon eta grav, yo kouri lopital ak yo.

Moun ki mouri yo, yo pa rive remake okenn tras kou sou yo, ni se pa pa katouch yo mouri. Yon bagay ki parèt biza pou anpil moun epi pouse yo kouri ale Dèlma 19 pou gade sa k pase a ak pouse plizyè kesyon sou fenomèn sa ki pase anndan Tinich otèl la, yon otèl ki trè frekante pou moun vin degaje yo.

Pou kounya la, lapolis syantifik deja sou plas. Enfo fè konnen se ta “monoxyde de carbone” ki ta pwovoke sitiyasyon sa anndan otèl la, yon enfòmasyon pou n pran ak pensèt jistan otorite devwale ofisyèlman koz sa ki pase a.

Dekouvri plis :

Mennaj ou ka gen sida epi w pa pran l pandan ou aktif nan fè sèks ak li san kapòt

Plus de contenu