Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Angletè: Pandan Tom Cruise nan tounaj fim “Mission Impossible”, yo vòlè machin li

Angletè: Pandan Tom Cruise nan tounaj fim "Mission Impossible", endividi vòlè machin li

Angletè: Pandan aktè Tom Cruise nan tounaj fim “Mission Impossible”, endividi vòlè machin li.

Pandan aktè Tom Cruise twouve l nan vil Birmingham peyi Angletè, endividi yo poko idantifye vòlè pou li yon BMW, X7, daprè sa jounal The Guardian nan peyi Angletè revele.

Machin sa te la pou pèmèt aktè a sikile jan l vle nan divès kwen nan peyi Angletè pandan li an tounaj pou nouvo fim Mission Impossible la.

Selon otorite anglè yo, endividi yo pran machin aktè a nan nivo Church Street, devan “Le Grand Hôtel”, kote Tom Cruise te twouve l pou repoze l diran pasaj li nan peyi Angletè. Otorite yo ta pral jwenn machin lan kèk tan aprè, anviwon 5 kilomèt pi lwen, selon sa jounal fransè Huffington Post releye.

Si otorite yo jwenn machin lan, malerezman aktè a pèdi tout sa l te gen anndan machin lan. Valiz li, lòt bagay pèsonèl li ki estime a plizyè milye ewo fè vwèl.

Yon sous polisyè fè konnen gras ak videyo siveyans kote aksyon an pase a, gen ankèt k ap mennen pou fè limyè sou dosye sa.

Fim Mission Impossible anpil moun renmen pa bò isit te sipoze soti depi lane pase men akoz koze kowonaviris fim sa sipoze deyò an novanm 2021 epi nan sal sinema an Frans pou zòn mas avril yo.

Angletè: Pandan Tom Cruise nan tounaj fim "Mission Impossible", endividi vòlè machin li

En savoir plus:

Séïsme: les victimes doivent trouver un accompagnement psychologique au plus vite

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Cinéma

Le réalisateur haïtien Robenson Lauvince invité au Festival Sundance pour discuter des opportunités émergentes dans les industries cinématographiques Afrique-Caraïbes. Le réalisateur haïtien Robenson Lauvince...

Cinéma

Le film haïtien Quand la nuit s’approche gagne le prix du meilleur court-métrage étranger au Brésil lors d’un festival universitaire. Le film haïtien Quand...

Tech

La plateforme streaming Netflix a perdu 200 000 abonnés pour la première fois en dix ans Après des années de conquête des utilisateurs à...

Cinéma

L’acteur américain Bruce Willis met un terme à sa carrière cinématographique Le mythique acteur américain Bruce Willis n’apparaîtra plus sur grand écran. C’est son...