Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Tout sa w dwe konnen sou “menopoz”, yon tranzisyon natirèl kay fanm

Tout sa w dwe konnen sou "menopoz", yon tranzisyon natirèl kay fanm

Menopoz se peryòd tout fanm gen pou viv kote yo pa regle ankò, ki ta vle di règ yo pa vini, yo pa ka ansent.

Se yon tranzisyon natirèl, lè sa rive nou di “fanm lan rete”. Se konsa jinekològ Stephane Michel defini menopoz la pou nou nan yon konvèsasyon sal redaksyon Juno7 te gen ak li.

Toujou anndan menm konvèsasyon sa, jinekològ la fè konnen ke tranzisyon sa rive paske ovè yo sispann fonksyone. Laj mwayen an se 51 lane, li sitiye l nan yon entèval 45 a 55 lane, daprè done Stephane Michel te rale pou eksplike nou.

Avan nou te ale pi lwen nan konvèsasyon yo, nou te mande jinekològ la pou l fon diferans ant PREMENOPOZ ak PERIMENOPOZ. Men kijan esplikasyon l yo te ye

PERIMENOPOZ se peryòd ki antoure pwosesis menopoz lan. Avan menopoz gen yon peryòd tranzitwa kote òmon yo pa pwodui menm jan, règ lan koumanse vini anòmal, se li nou rele PREMENOPOZ. Li konn pase diskrètman tou.

Li te kontinye ak esplikasyon yo pou l di: “Nou ka di PERIMENOPOZ lan pran PREMENOPOZ ak apre menopoz lan. Menm si nou jinekològ nou konn itilize 2 tèm sa yo youn pou lòt, men nou plis pale de PERIMENOPOZ”.

Nan tranzisyon sa toujou gen siy ak sentom ki manifeste lakay medam yo. Jinekològ Stephane Michel te site plizyè pou nou, pami yo genyen boufe chalè kote fanm lan santi chalè a wo, bouboun sèk, tèt fè mal, fatig, règ la ki kòmanse chanje fason li te konn vini. Jinekològ la fè konnen tou ke medam yo trè akaryat, yo konn devlope pwoblèm memwa ak manke somèy epi pipi ki konn koule sou yo san volonte yo.

Se pa tout fanm ki viv moman tranzisyon sa byen. Genyen ki menm difisil pou adapte yo epi viv ak li. Nan sans sa, jinekològ Stephane Michel eksplike pou l di l enpòtan ke fanm yo konnen se yon pwosesis natirèl pandan l ankouraje yo konprann sentom ki akonpaye pandan peryòd sa.

Pi lwen, li sigjere yo pou yo gen de adaptasyon sou fason yo viv tankou orè manje, somèy, evite sigarèt ak alkòl. Li konseye yo fè egzèsis fizik regilyèman pandan l ankouraje yo vizite jinekològ nan objektif pou yo evalye risk epi pou medsen an ka pwopoze yo medikaman pou jere sentom ke yo pa ka sipòte.

Lè medam sa yo antre nan peryòd sa sansasyon yo konn bese oubyen yo konn pa sou anvi fè sèks ki ta tou vle di pa sou gason. Jinekològ Stephane Michel te eksplike plizyè faktè ki ka fè sa

“Kay kèk fanm, lefèt menopoz lan pwovoke vajen sèk (sechrès vajinal), rapò seksyèl yo konn pa konfòtab jiska bay doulè. Sa pwovoke lakay yo yon mank anvi seksyèl. Bès nan òmon estwojèn ki alabaz sitiyasyon sa”.

Si laj pou yon fanm dwe rete se ant 45 a 55 kan daprè Stephane Michel, gen de ka ki konn prezante kote yon fanm rete granm bonè ki pote non “menopoz prekòs”. Selon jinekològ la, plizyè sitiyasyon ka pwovoke sa tankou yon operasyon kote yo wete ovè fanm lan, chimyoterapi:tretman kansè ak yon kalite medikaman, radyoterapi:tretman kansè ak radyasyon. Jinekològ la pa ekate posiblite kote li ka ereditè, sa vle di pran l nan fanmi.

Stephane Michel fè konnen pa gen medikaman ki ka pèmèt yon fanm rete pita toujou ke laj nòmal pou rantre nan menopoz la. Li di pito yo chache konnen se yon pwosesis natirèl. Li envite yo fè lekti ak rechèch sou fenomèn sa. Li fini pou l di epi ensiste sou chanjman yo dwe pote nan fason y ap viv epi vizite jinekològ yo pou egzamine yo, sa ki daprè li ka pèmèt medsen yo pote solisyon ak pwoblèm y ap fè fas pandan peryòd tranzisyon natirèl sa.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Ki lè n ap valorize lang kreyòl tout bon?

Plus de contenu