Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Tranbleman tè 14 out: Jude Célestin di l pare pou ede san touche yon goud men l ap tann dizon otorite yo

Tranbleman tè 14 out: Jude Célestin di l pare pou ede san touche yon goud men l ap tann dizon otorite yo
Getting your Trinity Audio player ready...

Tranbleman tè 14 out: Jude Célestin di l pare pou ofri ekspètiz ak eksperyans li san touche yon goud men l ap tann dizon otorite yo.

Ansyen kandida pou pòs prezidan an Jude Célestin  anndan yon nòt li soti dimanch 15 out la, anonse li pare pou pote kole yon fason pou ede moun nan Sid, Grandans ak Nip ki frape anpil pa tranbleman tè 14 out la.

Enjenyè a fè konnen li pa bezwen touche yon goud pou ekspètiz ak eksperyans li ke l deside ofri. Eksperyans ak ekspètiz ke l te trape nan jesyon katastwòf natirèl ki te frape Gonayiv nan lane 2008, selon sa l di.

Lidè politik la ki pa eksprime l souvan deklare se jis otorizasyon otorite yo l ap tann pou l itilize materyèl li ki disponib  pou arive pote frè ak sè yo sekou nan Gran Sid la.

Anndan nòt sa, Jude Célestin raple travay yon ekip jèn fi ak jèn gason te fè an 2008 pandan siklòn nan Gonayiv, an 2010 lè goudougoudou, yon fason pou montre volonte li konn genyen ak ekip li pou ede san okenn enterè politik jan l mansyone l anndan nòt sa.

Ansyen direktè CNE a regrèt tou ke peyi a pa pare menm jan li pa t pare an 2010 pandan l siyale si n kontinye konsa pita ap pi tris. Li te tou pwofite voye kondoleyans li bay fanmi, zanmi moun ki viktim yo pandan l swete yo kouraj.

Tranbleman tè 14 out: Jude Célestin di l pare pou ede san touche yon goud men l ap tann dizon otorite yo

Photo: Facebook Jude Celestin

 

Dekouvri plis:

Séisme du 14 août: Zanmi Lasante, l’HUEH, l’hôpital Bernard Mevs volent au secours des blessés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éphéméride

Getting your Trinity Audio player ready... « Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir », disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Jude Célestin condamne les violences et encourage le dialogue entre les acteurs Jude Célestin qui a terminé deuxième...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le secrétaire adjoint aux affaires de l’hémisphère occidental des États-Unis Brian Nichols réitère le soutien de son pays...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Séisme du 14 août : 8 mois après, le secteur éducatif dans le Grand Sud tente de se...