Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Trouble boy : M’pral nan peyan’m pou yo

[bzplayer mp4=”https://www.juno7.ht/wp-content/uploads/2018/09/Pral-Nan-Peyanm-Pou-Yo-Video-Officiel-Trouble-Boy-Hitmaker.mp4″]

Depi kèk jou, se pawòl sa yo ase nap tande nan bouch fanatik, espesyalman kèk entektyèl kap evolye nan sektè kiltirèl la. Pou kèk nan yo, Trouble boy sòti nan lo-a li pote yon lòt nivo pa rapò ak pwodiksyon li konn abitye ofri fanatik yo.

Gen moun ki soutni kòmkidire Trouble Boy ta sanble ale wo ak refleksyon l yo rive jis nan rasin kilti nou an. Gen kèk lòt ki di mizik la pa nan dimansyon yap mete’l la. Li gen anpil kran paske li jis di byen wo sa anpil moun di tou ba.
Genyen ki di tou se pwopagann Trouble Boy ap fè pou (sorcellerie).

Nan Yon entèvyou Trouble Boy sou Uni FM, nan Auto-Stop Yon emisyon Vinel Fleurilus anime, li te fè deklarasyon sa a: «Game nan chanje konplètman ou paka ap lage yon bagay chak dezan, staff mwen an te mande m yon nouvo bagay pou yo vann Ayiti Yon lòt Jan, pou nenpòt moun kap tande’l Ka santi yo konsène… m konnen ap toujou gen pale anpil sou dosye sa men vodou a nou fè mal avè’l, nou ka wè afè Yon lòt ap mache byen pou’n detwi’l nou Al nan vodou nou al pou fè bagay malefik dèyè l, men bon kote ki gen ladan l yo trete moun Ak vodou, yo fè anpil bon bagay ak vodou.. kidonk mwen jis bay Yon ”story” ki gen rapi ak mizik lan ki fè videyo à mache e ki fè ”hit” sa l fè a».

E ou menm kisa ou panse de mizik sa? Si w poko fè sa Al gade videyo epi banm bri…

Banacheca Pierre

[views]

Plus de contenu