Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ansyen depite Victor Prophane deklare priyorite Bouclier se jistis pou Jovenel Moïse

Ansyen depite Victor Prophane deklare priyorite Bouclier se jistis pou Jovenel Moïse
Getting your Trinity Audio player ready...

Ansyen depite Victor Prophane deklare priyorite pati politik Bouclier se jistis pou prezidan Jovenel Moïse.

Depite Victor Prophane dekare ak redaksyon Juno7 ke priyorite pati politik l ap dirije a se mande jistis pou prezidan Jovenel Moïse ki mouri asasinen olye ta ale chita nan konsiltasyon pou monte nouvo gouvènman.

Pi lwen, ansyen palmantè a deklare lòt priyorite pati a se bay Jovenel Moïse yon fineray nasyonal paske selon sa l di Jovenel Moïse te kontribye nan mete pati politik sa kanpe.

Pi lwen, politisyen an fè konnen pati politik Bouclier an konsiltasyon ak divès sektè yo konn gen pratik travay epi fè konnen nan jou k ap vini yo, y ap gen pou degaje yon konnsansis li estime k ap delivre peyi a.

Prophane rete kwè ke Claude Joseph se youn nan moun ki kapab fè avanse ankèt la pou pèmèt Jovenel Moïse jwenn jistis la epi deklare li pa nan okenn demach, demagoji avèk PM nome a Ariel Henry.

Ansyen depite Victor Profane deklare priyorite Bouclier se jistis pou Jovenel Moïse

En savoir plus:

L’Opposition Politique et la Société Civile exigent de Ariel Henry le respect du protocole d’entente

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu