Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Vijilans wouj sou peyi a, tout dènye detay sou ouragan Elsa ki menase pase sou gran Sid peyi a

Vijilans wouj sou peyi a, tout dènye detay sou ouragan Elsa ki menase pase sou gran Sid peyi a

Vijilans wouj sou tout peyi a, tout dènye detay sou ouragan Elsa ki menase pase sou gran Sid Dayiti

Sizyèm bilten espesyal ki sòti pou enfòme popilasyon an sou pasaj siklòn Elsa, fè konnen se vilijans wouj nan plan nasyonal jesyon risk ak dezas la, pandan ke yè vilijans lan te jòn.

Bò 5 è maten an, ouragan Elsa te lokalize l 16.2 degre altitid nò epi 69.0 degre lonjitid lwès. Anviwon 310 km Ès/Sidès zile Beyata, an RepiblikDominikèn a 408 km de Pòtoprens, a 330 km Ès/Sidès Ansapit.

Van ki akonpaye siklòn sa se 130 kilomèt lè. Deplasman li rapid. Presyon minimal li se 998 ekto Paskal, selon tout dènye detay yo nan bilan meteyowolojik peyi a.

Ouragan Elsa toujou rete nan kategori 1, li ap rapwoche l de peyi a, li yon ti jan afebli, men li ta dwe pase tou prè Sid peyi a nan aprèmidi an ak aswè a.

Pasaj Elsa sou peyi a ka pote 100 a 159 milimèt kantite lapli nan plèn yo, men pou mòn yo anviwon 200 milimèt lapli. lanmè a kapab kite kote l konn ye a pou rive atè akoz van yo. Kapab gen gwo inondasyon tou.

Vòl ak anbakasyon ki konn fèt sou rejyon Sid peyi an entèdi jiska nouvèl lòd.

Direksyon Pwoteksyon Sivil mande ak popilasyon an rete vijilan, tande tout bilten yo, aplike konsiy otorite yo, mete tout sa k enpòtan yon kote ki sekirize, mete manje lakay nou, pa kanpe anba pye bwa, ni bò fenèt.

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce samedi 3 Juillet 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Météo

Les Antilles menacées par un système tropical, la Direction de la Protection Civile appelle à la prudence. La Direction générale de la Protection Civile...

Météo

La météo du jour sur juno7 avec Chrisnette Saint Georges. Port-Au-Prince,Haïti.- Nous vous présentons les nouvelles pour ce Vendredi 23 septembre 2022. Voici les...

Météo

La météo du jour sur juno7 avec Chrisnette Saint Georges. Port-Au-Prince,Haïti.- Nous vous présentons les nouvelles pour ce lundi 19 septembre 2022. Voici les...

Météo

La météo du jour sur juno7 avec Chrisnette Saint Georges. Port-Au-Prince,Haïti.- Nous vous présentons les nouvelles pour ce mercredi 30 mars 2022. Voici les...