Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Vilaire Rozier batè gwoup K-Dans lan toujou nan men ravisè yo, manager gwoup la ap resevwa menas

Vilaire Rozier, yon batè gwoup K-dans sibi kidnapin, ravisè yo mande 500 mil dola ameriken pou libere l
Getting your Trinity Audio player ready...

Kidnapin: Batè gwoup K-dans lan toujou anba men ravisè yo, manager gwoup la ap resevwa menas.

Vilaire Rozier se non batè gwoup mizikal K-dans ki te kidnape depi mèkredi 14 jiyè pase a nan Taba pandan li t al mennen yon zanmi akouche epi nan retou l endividi moun pa rive idantifye kidnape l.

Apre anviwon 10 jou, sitwayen sa toujou anba men ravisè sa yo ki mande 500 mil dola vèt kòm ranson avan yo ta libere l.

Rochenel Jean ki se manager gwoup la fè konnen ak jounal la yo te pote ale yon premye vèsman, chèf la fè konnen lajan sa pa rive nan men l, ki ta vle di se pa li ranson sa ale jwenn. Rochenel Jean pa t vle devwale konbyen kòb yo te pote ale.

Sa ki mete pwòch batè a nan negosiyasyon ak ravisè yo yon lòt fwa ankò pou arive libere Vilaire Rozier, selon eksplikasyon Rochenel Jean.

Rochenel Jean fè konnen tou ravisè yo pèmèt yo pale ak Vilaire Rozier. Dènye fwa yo pale ak li se yè vandredi a, selon detay manager a.

Rochenel Jean ki se reprezantan gwoup K-dans fè konnen depi apre kidnapin ki fin fèt sou Vilaire Rozier li ap resevwa menas lanmò sou telefòn li. Manager a fè konnen li depoze yon plent pou enfòme otorite polisye yo sou seri menas sa yo.

Zak kidnapin yo koumanse ap taye banda dènye jou sa yo. Plizyè ka getan resanse nan anpil medya.

Vilaire Rozier, yon batè gwoup K-dans sibi kidnapin, ravisè yo mande 500 mil dola ameriken pou libere l

Dekouvri plis:

Les États-Unis continuent d’appeler au dialogue inclusif en vue de l’organisation des élections

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu