Connect with us

Société

Vyagra, pwa bay bann ak andirans, men gen danje nan yo

Published

on

Vyagra, pwa bay bann ak andirans, men gen danje nan yo
MG Motors 720

Alèkile anpil jèn gason konsidere kesyon fè sèks tankou yon konba kote yo toujou ap chache blennde afè yo nan objektif pou pa fè bèk a tè. Nan sans sa, kategori jèn gason sa yo toujou ap chache sibstans pou jwenn andirans ak bann ki fè yo toujou pote boure sou vyagra, towo ak magi, pwa elatriye. Si pwodui sa yo, jèn sa yo ka estime li ba yo rezilta, men souvan li pote rezilta negatif sou sante kay anpil nan yo daprè medsen jeneralis, Jean David Laurangilles ki te pale ak nou.

Jounen jodia gen anpil sibstans sou mache a yo di ki benefik pou gason ki santi yo pa gen bon bann rara lè y ap pèfòme, genyen tou ki la pou bay bon andirans lè yon nèg twouve l sou vant yon fi. Manke bann ak andirans fè anpil ti jèn konn parèt lèd devan mennaj yo ki fè anpil nan ti jèn gason sa yo konn kouri pote boure sou sibstans sa yo. Konsa tou, gen fanm ki konn di nèg la menm pou l ranje koze l lè l twouve li fè bèk atè.

Nan kouri dèyè sibstans tankou pwa ak vyagra, gen anpil risk ti mesye sa yo pandje sou tèt yo san yo pa rann kont daprè doktè David.

Doktè a fè nou konnen risk yo ka varye de yon moun a yon lòt ki ap pran sibstans sa yo. Pandan l detaye pou nou, tout sa ki ka rive yon moun ki fin pran sibstans sa yo. Selon doktè David, moun ka gen doulè nan pwatrin nan moman oubyen apre yo fin pran li an. Genyen ki ka gen tèt fè mal, asid, tansyon wo ak dyare. Gen kategori tou ki ka gen nen senyen epi sansibilite ak limyè.

bongu j7

Minit yon rapò seksyèl ta dwe dire

Fò souvan nèg k ap pran sibstans sa yo se pou kapab dire sou vant yon fanm. Anpil nèg pa vle tonbe nan fenomèn “Bonjou pwèl” la pou annik parèt epi dechaje. Nan sans sa, anpil jèn gason konn chache tout kalte pwodui nou site pi wo atik la pou kapab gen bann epi dire. Si anpil moun ka twouve yon relasyon ta dwe ale nan yon 1 nèd tan pou nèg la santi l gason tout bon, doktè David te refere l ak plizyè etid pou eksplike n konbyen minit yon rapò seksyèl ta sipoze dire.

Selon yon etid ki te pibliye nan journal of sexual medecine, rapò seksyèl dire an mwayèn 4 a 5 minit. Yon lòt etid ki te fèt nan Pennsylvania State University fè konnen ke yon bon sèks ta dwe dire 7 a 13 minit. Se konsa yo klasifye rapò ki dire youn a 2 minit kòm rapò kout, apati de 10 minit se rapò long“.

Nèg k ap pran sibstans yo ka bay fi a pwoblèm epi y ap pèdi bann pi devan

Nou te soulve pi wo atik la ke gen fanm ki konn ankouraje oubyen pouse nèg y ap fè sèks la ale pran sibstans lè yo twouve nèg sa pa gen bann di, yo kalifye nèg sa yo pa gason. Nèg ki pa gen andirans toujou ap fè bonjou pwèl, medam yo konn di yo fèb, yo pa gen jèvrin. Ki fè mesye yo konn prèske fou nan lari a nan chache pwodui.

Pandan nèg yo ap pran pil sibstans sa yo, gen danje yo ka pote pou medam yo daprè doktè David.

Lè gason an ap itilize bagay pou andirans sa ka koz kèk pwoblèm kay fi a. Tankou si bouboun fi a manke librifye, fè bagay anpil ka koz gen blesi nan bouboun nan epi gen enflamasyon menm rive nan enfeksyon”, Pandan l ajoute pou l di “Se poutèt sa li rekòmande si yon fi ap fè bagay li santi bouboun li irite, li ta sipoze kanpe sou sa pou l pa agrave l“.

Pi lwen, doktè a eksplike nou danje sa pral genyen pi devan sou jèn gason ki pran plezi itilize sibstans sa yo kote l fè konnen gen risk pou grenn nèg sa yo pa leve ankò lè y ap rantre nan laj.

WI moun sa yo ap gen difikilte pou yo bande. Manke andirans lan ap vin plis sitou si moun nan abize twòp de sibstans sa yo. Rive yon moman li p ap fè efè li te konn fè a, se menm jan lè yon moun ap bwè medikaman pou tèt fè mal, rive yon moman li p ap fè efè“.

Kisa ki ka lakoz yon gason pa gen andirans oubyen bann?

Souvan lè yon gason twouve l manke andirans oubyen bann li pa bezwen konn sa ki ka fè sa li jis gen nan tèt li kòm sekou towo ak magi, boutèy yo fè, pwa, sapatann. Nan chache konnen sa k fè yon gason ka devlope sa, doktè David Laurangilles te pote kèk eksplikasyon pou nou, kote l di nou gen plizyè koz ki ka fè sa.

Tou dabò se koz sikolojik  swit a yon anksyete, depresyon, strès, enkyetid, manke dòmi. Li fè nou konnen li ka koz vaskilè ki trè komen kay gason paske grenn nan pa rive kolekte kantite san ki pou fè l bande oubyen di. Ou jwenn koz sa kay gason ki fimen, fè tansyon wo, sik, maladi kolestewòl. Doktè a te rale pou nou koz newolojik swit a entèripsyon nan transfè nan mesaj k ap soti nan sèvo a pou pote bay peni an. Daprè eksplikasyon l, entèripsyon sa fèt koz blesi nan mwèl epinyè, paralezi nè yo oubyen apre yon operasyon nan basen. Li rale koz òmon lan pandan l di li ra, li manifeste pa yon mank òmon seksyèl gason..

Fas ak tout detay sa yo, medsen jeneralis la envite moun ki ta swete oubyen ap pran sibstans sa yo pou yo ta asire yo ke yo pa gen maladi nan kè, kolestewòl, tansyon wo oubyen ba, anemi falsifòm paske se pa tout moun ki ka pran sibstans sa yo. Doktè a fè konnen laj ki rekòmande pou moun pran vyagra, se gason ki gen plis ke 18 tan epi ki gen pwoblèm bande tout bon pandan l ajoute pou l di nan ka gason ki pa ka bande, vyagra a pran 30 a 60 minit pou ede gason an bande. Moun nan ka pran l 3 a 4 trèd tan avan li ale fè sèks.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

“Lè zonyon”, plezi ak risk ki gen ladan l

Barbancourt

Mwen se Dimitry Charles, jounalis redaktè anndan Juno7, mwen etidye kominikasyon ak jounalis, mwen fè redaksyon pwojè tou. M ap kolabore anndan Juno7 paske m vle fè yon jounalis itil

Advertisement
Click to comment
Advertisement

Abonnez-vous

Saisissez votre adresse e-mail pour vous abonner

Join 999,285 other subscribers

Archives