Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Vyolans al anba ! Medam yo di non !

Yon fanm sou 3 viktim vyolans nan mond la, kalòt, jouman, pa peye kay, katouch, medam yo sibi tout kalte vyolans. Sosyete yo mete kanpe fanm tankou yon moun ki pa gen kapasite, ki dwe obeyi ak mari l, ki fèb tou. kidonk, mesye yo jwenn tout kalte agiman pou fè vyolans sou medam yo.

Konstriksyon sa tèlman byen kanpe pafwa menm medam yo konn dakò ak vyolans y ap sibi yo, yo konn twouve sa nòmal.

Vyolans la pran divès fòm, li ka fizik lè fanm nan sibi l nan kò li sou fòm kou, kadejak ; li ka vèbal lè patnè a ap di l vye mo ki devalorize l ; li ka sikolojik lè se nan lespri l l ap sibi l tankou lè patnè fè l santi l pa anyen; li ka ekonomik tou lè patnè a derefize bay lajan pou kay la fonksyone kòmsadwa oubyen anpeche l travay pou l gen lajan. Se tout kalte vyolans sa yo medam yo ap sibi sou tout rakwen nan mond la.

Jodi a se jounen entènasyonal pou kaba vyolans sou fanm ak tifi, nan jounen sa n ap sonje tout fanm ki tonbe pandan lane 2018 la anba vyolans mari yo osnon patnè yo epi ki pa jwenn jistis. Lajistis pa bay ka vyolans sou fanm yo anpil valè, se youn nan koz ki fè medam pa janm pote plent pandan y ap soufri nan silans jouk mouri.

Vyolans sou fanm nan renmen, vyolans sou fanm anndan fwaye pa janm donnen bon fwi, se divizyon, divòs, timoun ki kokobe nan lespri, lanmò, yon sosyete debalanse. Mesye ann kòmanse di non, nou p ap janm leve men sou mennaj nou, sou madanm nou ankò, paske granmoun pa gen dwa leve men sou granmoun.

Medam yo fòk nou pa rete nan silans jouk nou bwè dlo bouch nou anba zago loray ki pa konnen sa k rele renmen ki pa konnen sa k rele dyalòg. Medam leve kanpe pou nou di non ak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi, pandan n ap batay pou kwape l sou tout fòm.

Marc Edson DORVAL
Apranti sosyològ

Plus de contenu