Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Wilmane Exumé bay rezon ki fè li kite Akayè FC pandan yo Meksik

Wilmane Exumé bay rezon ki fè li kite Akayè FC pandan yo Meksik

Wilmane Exumé se non yon milye teren ekip foutbòl Akayè FC a, ki kite klèb la nan plen konsantrasyon ki ap pare pou ale afwonte ekip meksiken Cruz Azul.

Daprè sa medya an liy Ferisports te getan revele, ki se yon medya ki konsakre l nan bay anpil nouvèl sou espò lokal, fè konnen ke jwè Wilmane Exumé kite ekip la pandan yo rive Meksik epi remèsye prezidan klèb la ki se Izolan pandan l di yo se sitiyasyon peyi a ki fè l sove.

Nan yon odyo k ap sikile, Wilmane Exumé pale konsa pou l di: “Pa gen okenn nèg ki te konn anyen mesye si m ap deplase. Se mwen menm ki te pran desizyon m pèsonèlman paske sitiyasyon Ayiti a, fason m ap viv…Jounen jodi an, m ap remèsye dirijan, prezidan Izolan kote l pran m pou kote m rive, sa vle di se youn nan nèg ki fè anpil bagay pou mwen nan lavi m, ki retire m nan yon geto, m te ka getan mouri, men akoz de foutbòl la, mwen rive mwen fè anpil bagay mwen pa t janm espere nan vi m…

Prezidan Izolan w ap eseye konprann mwen, ou menm tou ou konn kòman sitiyasyon peyi a ye, ou menm k ap fè efò ak jèn yo kontinye fè efò, Bondye ap remèt ou sa. Mwen menm pèsonèlman mwen kite gwoup la jodi an, se sitiyasyon peyi a jan m ap viv, m ap manje, se youn nan rezon ki fè ke jounen jodi a mwen kite gwoup la.

Yon nouvèl ki ta pral releye pa plizyè lòt jounalis ak kèk lòt medya. Kèk enfòmasyon menm fè kwè se nan peyi Meksik li twouve l epi rejwenn yon tonton l ki te deja lòt bò a.

Akayè FC k ap patisipe nan 8è de final retou Lig dè Chanpyon pou zòn lan, ap prepare l pou l jwe retou a apre l te fin fè 0-0 nan ale a.

Nan moman atik sa t ap ekri, Akayè pa fè okenn deklarasyon sou sijè sa.

Dekouvri plis:

Le BINUH critique le processus devant conduire à la nouvelle constitution

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Malgre gwo fo pa ekip Akayè FC la sou teren ekip meksiken an Cruz Azul, sa pa ka fè n getan bliye tout kalte...

Actualités

Le bureau politique de Rosemila Petit-frère proteste contre les brutalités exercées sur la population de l’arcahaie et le traitement du dossier dans les médias....

Actualités

Yè dimanch lan, nan match ki te opoze Akayè FC ak ekip Vyolèt la, rankont sa ta pral fini an ke pwason, kote anpil...

Sports

Arcahaie Football Club vs Violette Athletic club: 2 morts et plusieurs blessés Des heurts ont éclaté lors de la finale opposant l’Arcahaie Football Club...