Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Konpayi WINECO fè don 1 milyon goud pou pwojè Konbit Bibliyotèk Site Solèy la

Konpayi WINECO fè don 1 milyon goud pou pwojè Konbit Bibliyotèk Site Solèy la

Nan yon nòt ki vin jwenn redaksyon jounal la, Louino Robillard, youn nan inisiyatè pwojè konbit Bibliyotèk Site Solèy, enfòme ke konpayi West Indies Energyco SA(WINECO) fè don 1 milyon goud ak pwojè sa nan lide pou responsab yo kontinye ak travay avansman bibliyotèk la.

WINECO se yon konpayi ki twouve l anndan komin Site Solèy k ap jere pa fanmi Mevs. Responsab yo te bay 1 milyon deja 25 jwen 2019 la, epi livre yon lòt 1 milyon jodi vandredi 5 fevriye a.

Pwojè konbit Bibliyotèk Site Solèy la estime a 50 milyon goud, responsab yo deja rekòlte anviwon 26 milyon goud epi jwenn 26 mil 716 liv gras ak don 6 787 donatè fè, selon sa nòt la rapòte.

Pwojè sa toujou daprè nòt la se konstwi yon sant sosyokiltirèl k ap gen plizyè batiman sou 2 novo. Travay pou mete batiman sa yo kanpe a 60%.

Premye nivo a ap gen bibliyotèk, laboratwa enfòmatik, sal meditasyon, kwen enfimye, sal telekonferans kafeterya elatriye. Nivo 2 a ap gen galri da,laboratwa lang, estidyo anrejistreman…

Ekip pwojè konbit Bibliyotèk Site Solèy la di rèv yo se reyalize pwojè sa ak 10 mil donatè pandan yo fè konnen yo espere pwojè sa se ap yon bousòl pou chanje mantalite epi reveye lespri inisyativ ki lakay jèn Site Solèy ak lòt kominote anndan peyi a.

Dekouvri plis:

Pi gwo jistis PNH la ka rann Anozart se rezoud pwoblèm “Fantom 509” la, daprè DG Léon Charles

Plus de contenu

Actualités

Terminal Varreux: plus de 349 mille 500 gallons de carburant ont été remplis ce mercredi 7 décembre 2022, le produit est rare sur le...

Actualités

146 camions-citernes ont été chargés au centre de stockage pétrolier de WINECO les 5 et 6 décembre 2022. Le terminal Varreux poursuit sa distribution...

Société

Haïti vit actuellement des jours sombres à cause de la crise socio-politique qui rend encore plus difficile le quotidien des citoyens. L’incertitude plane, et...