Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Wout Juvena ak Debwòs leve “lock” maten an

Wout Juvena ak Debwòs leve "lock" maten an
Getting your Trinity Audio player ready...

Wout Juvena ak Debwòs leve maten an bloke.

Maten samdi 24 la wout Juvena ak Debwòs ki twouve yo sou wout Kanapevè a leve bloke.

Se konsta repòtè Juno7 te arive fè kote kawotchou ki prèske fin boule, fatra ki twouve sou tout wout la, pil wòch ki gaye tou nan lari a.

Pyès moun pa t an mezi di motif blokaj sa maten an nan moman jounal la t ap eseye rekòlte kèk detay.

Nan moman atik sa t ap ekri sikilasyon machin te vrèman difisil sou wout Kanapevè a sitou nan nivo Juvena kote machin t ap kase tèt tounen. Nou pa t remake okenn prezans polisye.

Pa gen okenn moun ki revandike mouvman sa. Inisyatè blokaj sa yo pa t sou plas pou bay vrè rezon an ni tou pa t gen okenn foul ki t ap pwoteste nan espas kote wout yo bloke a. Konsta yo se jis wè pye bwa nan wout la, wòch, fatra ak kawotchou ki ta lèse kwè se yon aksyon ki ta poze granm bonè.

Yon moun k ap frekante wout sa maten an nou rekòmande w pridans paske sikilasyon an enpratikab epi pa vrèman gen detay sou rezon ki pouse moun yo bloke zòn lan.

Wout Juvena ak Debwòs leve "lock" maten an

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 24 juillet 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu