Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon jèn ayisyen riske pran 132 lane prizon pou blanchiman lajan nan Eta Florid

Yon jèn ayisyen riske pran 132 lane prizon pou blanchiman lajan nan Eta Florid

Valesky Barosy se non yon jèn ayisyen ki riske pran 132 lane prizon pou vòl ak blanchiman lajan nan Eta Florid.

Valesky Barosy se non jèn ayisyen 27 lane sa , foto li gaye sou rezo sosyal yo depi yè mèkredi 29 desanm lan aprè jounal Miami Herald nan yon atik li rapòte konpatriyòt sa riske pran 132 lane prizon pou akizasyon vòl ak blanchiman lajan aprè li fin twonpe vijilans Payroll Protection Program (PPP) ki se yon estrikti ki kreye an 2020 pou prete lajan ak antrepriz ki an fayit swit ak pandemi kowonaviris lan ki te fè aparisyon l nan mond lan.

Daprè enfòmasyon yo, Valesky Barosy te jwe jwèt mètdam li, li prete 2.1 milyon dola vèt nan pwogram PPP a. Lajan sa, sitwayen an pa regle sa li te dwe regle avè l yo. Se achte machin Lamborghini, mete mont chè ak achte pil rad, poze nan jet prive, epi poste sou rezo sosyal yo jan l ap byen vire nan Miami, selon detay jounal floridyen an.

Sitwayen sa plezi se vante tèt li daprè jounal la. Ak yon kont Instagram 110 mil abòne, Valesky Barosy pa t rate okenn okazyon pou montre jan lap viv nan lajan, pou l montre jan gran nèg men an reyalite se pa t yon siksè redi di.

Jounal Miami Herald anndan atik la fè konnen tou, Valesky Barosy te prezante tèt li kòm yon migran ayisyen ki reyisi aprè 10 lane li te fin kite bout tè papa Desalin lan pou ale chache lavi nan peyi Tonton Sam. Li soti nan yon pòs trè trè ba anndan Walmart epi vini vis prezidan rejyonal yon antrepriz reparasyon kredi ki ta reyalize 3,6 milyon dola vant. Men nan vrè reyalite a, se yon mansonj. Barosy pran fwodilezman 2,1 milyon dola epi regle afè pèsonèl li.

Yon gran jiri federal arete Barosy pou fwod elektwonik, blanchiman lajan ak izipasyon tit grav. Pou kounya, konpatriyòt ayisyen an nan detansyon federal, avoka l pa vle pale nan mikwo laprès pou okenn kòmantè, daprè sa Miami Herald di.

Ankèt sou Barosy Valesky te mennen pa sèvis sekrè ameriken yo. Pwokirè adjwen Jonathan Bailyn kontinye ak dosye a pandan ke Pwokirè federal la Nicole Grosnoff ap sipèvize tout efò ki ka mennen a sezi tout byen san swe Valesky Barosy yo. Li riske pran 132 lane prizon si l rekonèt li koupab de tout akizasyon ki pandje sou tèt li yo.

Yon jèn ayisyen riske pran 132 lane prizon pou blanchiman lajan nan Eta Florid

Dekouvri plis:

Le DG de la PNH promet une réponse appropriée aux actes de terreur à Martissant

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu