Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Yon espesyalis ap bay dizon li sou koze gason ki di yo konn fè fanm “pete” nan rapò seksyèl

Yon espesyalis ap bay dizon li sou koze gason ki di yo konn fè fanm "pete" nan rapò seksyèl

An Ayiti, nou fasil tonbe sou jèn gason ki toujou ap di aprè yo sot fè sèks ke yo fè fanm lan pete kòmkwa nan tèt yo se pase yo byen pase, yo pa fè bèk atè ki fè fanm nan lage kout pete tèlman yo pa te ka sipòte bagay la.

Èske medam yo pete vre? Ki kote pete sa oubyen van sa soti? Etidyan an medsin nan inivèsite Santiago, peyi Sendomeng, David Laurangilles ki konsakre tan l nan medsin prevantiv ak fè rechèch sou modèl sijè sa yo te fè yon ti pale ak redaksyon jounal la touswit apre li te fin pibliye yon rechèch sou sijè sa sou paj li.

Souvan, anpil ti jèn gason toujou panse tout van yo tande ki pati a se nan anis fanm lan li konn soti, anpil nan yo konn twonpe sou sa, se pou rezon sa, byen avan Laurangilles te rantre nan vif sijè a li te mande moun yo, sitou mesye yo pou yo evite konfizyon sa .

“Fòk nou pa konfonn pete ki soti nan anis lan ak gaz yo ke vajen an ka emèt pandan rapò seksyèl yo epi yo se rezilta yon pòch lè ki bloke nan vajen an”, deklare David Laurangilles.

Pi lwen, jèn etidyan an medsin nan UTESA ki se “Universidad Tecnolójica de Santiago”, te eksplike pou nou kisa ki yon gaz vajinal ke nèg yo souvan di yo fè fanm pete a epi eksplike tou sa ka lakoz fenomèn sa pwodwi.

“Pandan rapò seksyèl la, li rive lè van antre nan vajen an sa ka pwodwi yon bri etranj. Se nòmal paske gen lè ki bloke anndan bouboun lan”.

Li te kontinye pou l di pozisyon medam yo konn pran pandan ak seksyèl la epi ak ritm ke mouvman yo prale a kapab lakoz gaz nan vajen yo pwodwi bri a ki sonnen tankou pete.

Koze gaz anndan vajen an, David Laurangilles fè konnen se yon pati ki gen anpil pli ki konn koz gaz bloke anndan l

“Vajen an gen anpil pli sa ki ka lakoz gaz bloke nan vajen an ki jeneralman libere yon fwa misk yo konplètman detann apre yon fanm atenn ògasm li”, eksplike David Laurangilles. Se liberasyon gaz sa ki vin sanble ak yon pete men ki soti anndan vajen an, selon mesye Laurangilles.

Gen van oubyen pete ki konn soti nan anis lan

David Laurangilles te refere l ak yon etid jinekològ Kelly O. Elmore, Kalifòni, pou eksplike kisa ki koz yon fi pete nan dèyè l pandan ak seksyèl la

“Ekspilsyon yon gaz se esansyèlman yon reflèks kò. Men, li ka rive tou lè ou kenbe l anpil. Vajen an ak rektòm sitiye youn sou lòt. Se konsa, lè gen tansyon misk yo pandan rapò seksyèl yo, rektòm nan pa kapab kenbe gaz la”, detaye Laurangilles.

Li te kontinye pou l di: “Gaz yo ka eksplike akòz mouvman peni gason an nan glise antre soti andedan vajen an ki fè presyon sou anis la ansanm ak miray vajen an”.

Sa yon fi dwe fè pou evite pete pandan rapò seksyèl?

David Laurangilles te kontinye pou l fini ak kèk konsèy li te pwopoze ak medam yo pou ta evite pete nan relasyon ki konn fè yo timid, met moun lan malalèz. Nan sans sa, David Laurangilles envite medam yo pou yo pa manje manje ki mal pou dijere pandan yo pral fè sèks.

“Eseye evite manje ki difisil pou dijere tankou gliten, pwa, letye ak legim tankou bwokoli oswa chou. Evite bwason gazez tou”.

Dekouvri plis :

Remise d’une trentaine de véhicules à la PNH par le président

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...