Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon lòt 7 tou palè nasyonal anonse ankò

Kèk sitwayen fè 7 tou Palè nasyonal pou chase move lespri yo di ki kenbe Prezidan an

Abel Loreston melanje ak kèk lòt militan anonse nan mikwo laprès yon lòt 7 tou palè nasyonal k ap fèt demen mèkredi 14 avril la, nan objektif pou chase Jovenel Moïse sou pouvwa a.

Òganizatè yo fè konnen 7 tou palè sa se pou chase move lespri ki kenbe Jovenel Moïse ke manda l bout depi 7 fevriye pase a epi ki toujou sou pouvwa a epi pwofite denonse diktati, mizè, ensekirite, kidnapin, yo estime ki blayi anndan peyi a depi kèk tan.

Nan sans sa, militan yo ki pa sispann mobilize depi kèk lane bay popilasyon ayisyèn lan randevou demen maten sou plas konstitisyon an pou ale fè 7 tou palè nasyonal.

Militan yo menm swete vizite Jovenel Moïse anndan palè a apre 7 tou a, selon sa yo di.

N ap raple w 8 avril pase a, kèk grenn militan te fè 7 tou palè nasyonal toujou nan menm objektif la epi boule kawotchou pandan 7 tou sa t ap fèt. Yon mouvman ki te dewoule san gwo ensidan.

Si premye 7 tou a pa t gen twòp moun, fwa sa òganizatè yo espere wè plis moun vin nan mouvman an yon fason pou bay plis jarèt ak mobilizasyon an.

Dekouvri plis:

Haiti: L’essentiel de l’actualité du mardi 13 avril 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Nécrologie

Les funérailles du président Jovenel Moïse auront lieu le 23 juillet Le ministre de la culture et de la communication Pradel Henriquez a annoncé,...

Politique

DIRPOD, En Avant, MTVAYITI, ENTENTE, FND et Organisation Tèt Ansanm des structures de l’opposition proposent un départ ordonné du président et l’établissement d’un gouvernement...

Actualités

Yon ti gwoup militan fè 7 tou palè nasyonal jodi mèkredi 7 avril 2021 an, nan lide selon sa yo di pou chase tout...

Politique

“Jovenel Moïse est un obstacle à l’organisation des élections”,dixit André Michel, en réponse au Département d’État Américain La dernière position du Département d’Etat Américain...