Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon lòt fwa ankò liseyen yo pran lari pou egzije pwofesè nan sal klas yo

Liseyen - Elèv Lise Nasyonal Petyonvil pran lari pou mande pwofesè nan sal klas yo
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Mouvman pwotestasyon an ap rapousib bò kote plizyè liseyen ak liseyèn anndan kapital la.

Jodi lendi 19 avril la, li te vè 10 è yo, lè plizyè elèv lise anndan kapital la tankou Fritz Pierre Louis, Jean Jacques, Toussaint, relanse mouvman mobilizasyon an kote yo mache nan plizyè lise yon fason pou gwosi foul la.

Elèv sa yo te pase sou Channmas, desann bò Lopital Jeneral pou ale tonbe zòn plas Sentàn anndan lise Tousen. Nan moman an, repòtè Juno7 pa t remake prezans polisye ak yo, yo jis t ap mache pou ale rankontre lòt lise.

Elèv sa yo kontinye ap mande pwofesè nan sal klas yo, pi bon kondisyon travay epi egzije ak Leta pou peye pwofesè yo.

Jèn pwotestatè sa yo fè konnen y ap kontinye nan lari a jistan revandikasyon yo abouti. Anpil nan yo fè konnen depi aprè 2è kontwòl je yo pa janm kwaze ak sa yo rele pwofesè.

Kèk grenn k ap fè filo (NS4) ap plenyen epi poze tèt yo kesyon kijan y ap fè pou y al konpoze pandan jou ap vanse, kou ap miltipliye, lòt elèv ap avanse ak pwogram yo epi yo menm yo an reta.

Sa gen anviwon 2 semèn depi elèv lise gaye nan kapital la nan mobilize pou mande pwofesè, jiskounya okenn nòt oubyen reyaksyon poko soti bò kote konsène anndan Ministè Ledikasyon Nasyonal.

Dekouvri plis:

France: des Marseillais chantent et dansent “Pran pasyans” de Tropicana

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu