Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Apre konbyen jou yon nèg ki fin sikonsi ka ale nan fanm? Iwològ Whatson Exantus t ap eksplike nou

Apre konbyen jou yon nèg ki fin sikonsi ka ale nan fanm? Iwològ Whatson Exantus t ap eksplike nou

Sikonsizyon se yon operasyon kote doktè retire po grenn lan ki kouvri glann gason an. An Ayiti se sèlman 0,5 a 1% gason ki sikonsi daprè estimasyon iwològ Whatson Exantus ki te pale ak nou sou dosye sa.

Menm jan koze laponyèt, oryantasyon seksyèl ak pratik seksyèl se de seri sijè ki trè tabou pa bò isit, koze sikonsizyon an prèske menm jan an. Poutan, yon gason ki pa sikonsi gen enpak sou sante li ak sou sante fanm li konn abitye nan rapò seksyèl.

Daprè iwològ Whatson Exantus, yon moun ki pa sikonsi ka gen enfeksyon, li ba l pwoblèm ijyèn ak pwòpwete. Yon gason ki pa sikonsi li riske bay medam yo kansè kòl iteris paske etid remake majorite fanm ki fè kansè kòl se paske mari yo pa sikonsi, selon eksplikasyon iwològ la.

Gen moun ki panse depi w pa t getan fè l depi timoun pa gen posibilite pou w sibi operasyon sa ankò. Iwològ Whatson Exantus fè konnen pa gen yon laj ki defini pou gason sikonsi. Yon bebe ki fèk fèt ka sikonsi menm jan yon granmoun ki nan laj trè avanse, sa pral depann poukisa li fè sikonsizyon an.

“Pa gen laj pou sikonsi. Semèn ki sot pase a mwen sikonsi yon nèg 67 tan. Sa pral depann de ki bezwen. Pa egzanp, si moun lan fè sik epi peni l pral bay ti enfeksyon, entènis lan pral voye l sikonsi kèlkeswa laj li”. ( Iwològ Whatson Exantus)

Pwosesis sikonsizyon an kòmanse pa yon egzamen yo bay pasyan an fè ki gen rapò ak sik. Pasyan an yo ba l fè plakèt epi apre egzamen yo si tout bagay kòrèk yo sikonsi li, daprè eksplikasyon iwològ Whatson Exantus. Pi lwen, li pa ekate posibilite pou moun lan gen doulè ki nòmal daprè li. Toutfwa, li di gen devlopman teknik pa l li anplwaye pou pasyan l pa santi doulè, kote moun lan ka fin sikonsi epi li ale travay san pwoblèm.

Kèk moun konn ap mande apre konbyen tan yon gason ki fin sikonsi ka ale nan fanm koz gen doulè, peni an ki poko fin geri anndan epi ki vin yon lòt jan parapò ak jan ke l te ye. Iwològ Whatson Exantus te reponn nou konsa

“Sikonsizyon an ta sipoze sikatrize ant 17 a 20 jou. Apre 20 jou, nèg la ka ale nan rapò seksyèl san pwoblèm. Gen nèg tou ki ale avan sa, sa pral depann de kò nèg la. G on nèg Okay ki te sikonsi sou 15 jou misye di m li ale nan rapò seksyèl”.

Gen etid ki montre moun plenyen, babye apre sikonsizyon an paske peni yo pa sansib menm jan an ankò, pakont pèfòmans seksyèl yo ogmante. Iwològ Whatson te pote eksplikasyon pou di sa k fè sa

“Po peni an gen de seri tèminezon nèvez sa yo rele stimilus yo ki pou fè moun yo sansib anpil. Sa sa k fè lè w ap fè sèks rapid vit ou ejakile ou vin pi dous ke dous. Lè w retire po a tout stimulus yo ale, ou vin mwen sansib men ou atenn ògasm yo, ou pi pèfòman nan rapò seksyèl”.

Si n refere n ak dènye eksplikasyon iwològ la, pwen pozitif la se ke glann lan vin mwen sansib paske pa gen po sou li, sa ki vin fè ejakilasyon an retade, rapò seksyèl la plis dire, pa gen bonjou pwèl ni fè bèk atè.

Dekouvri plis:

Barack Obama eksprime l apre viktwa Biden sou Trump

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...