Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Yon “Pwokirè” nan Nouyòk swete tande Donald Trump ak fanmi l sou yon afè fwod fiskal

Donald Trump
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon “Pwokirè” nan Nouyòk swete tande ansyen prezidan Donald Trump ak tout fanm sou yon koze fwod fiskal.

Letitia James ki se Pwokirè Eta Nouyòk la k ap ankete sou yon dosye Trump Organization ki ta lye à yon koze fwod fiskal, swete tande ansyen prezidan ameriken an Donald Trump ak pitit li Ivanka ak Donald Junior kòm temwen nan kad ankèt k ap mennen. Yon ankèt ki lanse depi mas 2019, daprè sa anpil medya entènasyonal rapòte.

Selon yon pòt pawòl biwo Pwokirè a, li fè konnen Letitia James swete Donald Trump ak 2 pitit li yo fè yon depozisyon sou sèman.

Fanmi Trump lan estime se yon motivasyon politik ki fè Pwokirè a ta ap nui yo konsa. 20 novanm pase a, ansyen prezidan an te pote plent kont Pwokirè sa ki se yon eli pati demokrat.

Pwokirè a gen soupson sou Trump Organization kòm yon antrepriz depi 3 lane ki monte fwodilezman valè kèk pwopriyete lè antrepriz la pral mande lajan prete labank epi desann valè menm pwopriyete sa yo bò kote fisk pou pèmèt antrepriz la peye mwens enpo.

Donald Trump

Dekouvri plis:

Mario Antonio Palacios, accusé d’assassinat en Haïti, capturé au Panama sur une notice d’Interpol

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu