Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Zen an toujou melanje ant André Michel ak Moïse Jean-Charles

Zen an toujou melanje ant André Michel ak Moïse Jean-Charles

Zen an toujou melanje ant André Michel pou Sektè Demokratik la ak Moïse Jean-gCharles lidè Pitit Desalin nan.

Yè mèkredi 18 novanm lan opozisyon an te nan lari yon lòt fwa ankò pou mande depa Jovenel Moïse sou pouvwa a. Yon bò, te gen Sektè Demokratik la ki t al bout ak mouvman pa l la sou Channmas epi te gen militan Pitit Desalin yo ki t ap swiv lidè yo Moïse Jean-Charles ki te getan anonse se devan anbasad ameriken li prale. De seri de imaj ki fè anpil moun panse gen plizyè branch nan opozisyon an, plizyè branch ki gen bouch louvri antre yo.

Tou swit Moïse Jean-Charles te rive atenn ak manif lan devan anbasad la san twòp difikilte, ansyen senatè a te voye de mesaj piman bouk kote li t ap choute sou lòt gwoup la espesyalman Mèt André Michel ke l voye al plede nan tribinal, li voye Schiller Louidor al bay swen nan sant ospotalye yo. Li menm di sa k ap fèt nan Pòtoprens lan se pa politik, se yon bann vòlè. Li di fo militan ak vakabon anndan sektè a bay pèp la repo pou l ka retire pouvwa a ak sektè ekonomik sa anndan peyi a.

Nan menm mesaj lidè Pitit Desalin lan, li fè apèl ak jounalis Jean Monard Metellus, PDG Rony Colin, Mèt Morin pou retwouve l nan mouvman l ap mennen ak pèp ki avè l la pou chavire pouvwa a.

Swit ak deklarasyon piman pike Moïse Jean-Charles yo, André Michel sou kont twitè l trete Moïse Jean-Charles de “tèt opozisyon bouda pouvwa”. Li mande pou ansyen majistra komin Milot a sispann atake Sektè Demokratik la. Li fè konnen ak Moïse Jean-Charles se pa sektè a ki fè l pa fè resèt.

Li akize Moïse Jean-Charles anndan twit sa ki fè alyans ak PHTK, Jovenel Moïse, G9 ak Babekyou. Li fè konnen Moïse Jean-Charles krache sou kadav Babekyou ak G9 touye, kidnape epi vyole anndan peyi a. Li trete ansyen Senatè a de enbesil.

N ap raple w ni Moïse Jean-Charles, ni André Michel pa t site non moun nan pawòl piman bouk yo t ap voye yo. Men, obsèvatè yo “gran timoun” pou konnen kote zen an melanje, kiyès kiyès t ap frape. De imaj ki fè moun ap reflechi sou kote batay sa ap rive sou beton an? Èske pouvwa an plas la se pa pwen l ap make lè gen chire pit sa? An n bay sa vag pou l pa fè zen.

Dekouvri plis:

Mobilizasyon 18 novanm: Kijan sa demare epi jan lari a ye?

Plus de contenu

Actualités

Conseil présidentiel de transition : le surprenant revirement du leader de Pitit Desalin, Moïse Jean Charles.   Très acide en ce qui concerne la...

Politique

Le Premier Ministre serait sur le point de démissionner, Moise Jean Charle propose la création d’un Conseil Présidentiel Le Premier Ministre va t-il annoncer...

Actualités

Lidè Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles, mande tout moun nan 4 kwen peyi a pou chavire Ayiti tèt anba. Lidè pitit Desalin lan,...

Actualités

L’ancien Sénateur Moïse Jean-Charles prône la violence révolutionnaire pour renverser le gouvernement en place dirigé par le docteur Ariel Henry. Ce lundi 29 janvier...