Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Zimbabwe: Yon jèn gason 27 lane manke mouri apre l fè 33 jou ap “jene” pou l gen yon Lamborghini

Zimbabwe

Mark Muradzira se non jèn gason 27 lane sa nan peyi Zimbabwe ki manke pèdi lavi l apre li pase 33 jou ak 33 nwit ap jene pou mande Bondye yon machin Lamborghini.

Enfòmasyon sa ki parèt ensolit rapòte pa jounal Mbare Times ki fè konnen tou Mark Muradzira mache nan legliz Risen Saints ki twouve l nan zòn Bindura, sant peyi Zimbabwe. Konsène a t al kache nan tèt montay la pou okenn moun pa fòse l manje paske objektif li se te jene pandan 40 jou ak 40 nwit.

Se kèk zanmi l ki te pati ale chache l epi jwenn li sou 33 jou nan tèt montay la. Muradzira te mèg epi fèb, sa ki te fè yo transpòte l an ijans lopital jeneral Bindura ki ta pral pèmèt li montre siy ke l ap reprann fòs li.

Muradzira t al jene paske mennaj li te di l machin li renmen se Lamborghini. San travay alevwa gen lajan, jèn gason 27 an sa te lage 2 bwa l sou kont Bondye bon li ka genyen machin lan nan lapriyè kòmkwa machin sa ap sot nan syèl vin jwenn li.

Pastè legliz kote Muradzira mache a, ki se evèk Mawuru deklare se regretab sa k rive a pou jèn gason an lage kò l nan jèn pou l ka gen Lamborghini. “Li te dwe jene pou l jwenn travay paske li nan chomaj”, estime evèk la.

Jounal Afrique Mag rapòte nan kolòn li pou raple an novanm 2019, yon evanjelis nijeryan ki gen 46 lane te mouri pandan l t ap swiv yon jèn 40 jou ak 40 nwit. Menm ane sa, Brighton Samajomba ki se yon pastè 37 lane te tante jene pandan 30 jou men li te arive bwè dlo bouch li.

An Ayiti, moun yo renmen ale lamontay pou jene men pèleren yo pa janm bliye mache ak tèmòs dlo ak ji epi kantin manje yo. Y ap jene, y ap manje pou grangou pa fè ladènyè sou yo

En Savoir plus:

Menm jan ak Pòtoprens, ayisyen nan Washington pran lari pou di non ak referandòm lan

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

La FIFA suspend deux pays africains avec effet immédiat La Fédération Internationale Football Association (FIFA) annonce avoir suspendu le Kenya et le Zimbabwe pour...

Actualités

Le Zimbabwe est en état d’alerte à cause d’une épidémie de choléra qui s’est déclarée dans la ville de Chegutu, à 100 km à...

Zimbabwe

Emmerson Mnangagwa investi président du Zimbabwe ce vendredi 24 novembre 2017, il a appelé ses compatriotes à faire preuve de retenue et à ne...

Actualités

Le président du Zimbabwe, Robert Mugabe vient de se démettre de ses fonctions, selon une annonce du président de l’Assemblée nationale.  Robert Mugabe, âgé...