Aktyalite AN KREYÒL

Antèman polisye Patrick Anozard chante jodi samdi a

Se jodi samdi 27 fevriye 2021 an, antèman ajan SWAT TEAM ki rele Patrick Anozard chante nan lokal lekòl nasyonal polis la ki sou wout frè.

Antèman sa te gen prezans direktè jeneral polis nasyonal la, Léon Charles. Te genyen tou prezans premye minis Joseph Jouthe ak minis jistis la Vincent Rockfeller san konte zanmi, fanmi ak pwòch viktim lan ki te vin rann li yon dènye omaj.

Patrick Anozard te jwenn lanmò l 5 fevriye pase a nan egzèsis fonksyon l pandan te gen afwontman ant lapolis ak gwoup polisye ki bay tèt yo non “Fantom 509”. Afwontman sa ta pral lakoz Patrick Anozard bwè dlo bouch li epi kite 2 pitit gason dèyè k ap leve san papa.

DG Léon Charles bay defen an grad ajan 3 a tit “Posthume” ki te ajan 2 nan vivan l. Byen avan antèman an, direktè jeneral lapolis la te rann li Jakmèl jou ki sot pase yo kote li te vizite fanmi polisye a epi fè foto ak 2 pitit gason li pati kite yo.

Premye minis Joseph Jouthe anndan yon twit enfòme li te rankontre madanm ak fanmi polisye a avan antèman an epi pwomèt gouvènman li an ap asire yo bon jan asistans ak akonpayman.

Dekouvri plis:

Pourquoi Haïti ne doit pas rater la révolution Blockchain?

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Des individus armés s’affrontent avec des agents de la PNH sur le Champ de Mars, des blessés sont recensés. Des agents de la Police...

Sécurité

La PNH annonce l’arrestation de Jean Bernard Joseph pour son implication presumée dans le dossier relatif à la saisie d’armes et de munitions au...

Sécurité

Saisie d’armes et de minutions au port du Cap-Haïtien: Wilmane Jean et Barthol activement recherchés par la Police nationale d’Haïti Dans un communiqué publié...

Sécurité

La Douane saisit une cargaison d’armes et de munitions illégales dans le port du Cap-Haïtien Les services des Douanes en collaboration avec la PNH...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile