Aktyalite AN KREYÒL

Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti lanse yon grèv kont ensekirite pou demen

Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti lanse yon grèv kont ensekirite pou demen jedi a.

Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti anonse yo lanse pou demen jedi 21 oktòb la, yon grèv kont ensekirite jeneralize ki ap taye banda anndan peyi a, selon Jacquelin Dupré ki te pale ak Juno7.

Sitwayen an fè konnen grèv sa pa gen pou wè ak kesyon politik men pito se yon fason pou fè otorite yo tande vwa yo k ap sibi epi lavi yo an danje lè y ap  kondi kamyon gaz yo soti nan tèminal yo pou ale livre nan ponp.

“Vi nou an danje, fanmi nou ka pèdi nou. Yo ka kidnape nou, n ap pran presyon, yo ka tire nou”, se pawòl Jacquelin Dupré pou eksplike tout sa y ap sibi ki fè yo pran desizyon an.

Pòt pawòl estrikti a fè konnen vke kou pa vle se Ariel Henry k ap dirije peyi a, li gen responsabilite pou mete sekirite anndan peyi a pou Chofè yo kapab fè travay yo jan sa dwe fèt epi san kè sote.

Mesye Dupré raple kamyon gaz la chofè yo ap kondi a se sous lavi yo,  volan an se zanmi yo, se pa pou jwèt yo deside kanpe se paske yo jis pa kapab ankò ak fenomèn ensekirite a, sitou nan zòn  Matisan lè y ap travèse.

Toutfwa, li deklare desizyon kanpe a pa ilimite paske yo rete louvri ak djalòg epi ap tann yon solisyon pandan l tou avèti tout chofè ap lakay  yo depi demen yo pa ka fòse yo travay si pa gen yon solisyon ak revandikasyon yo.

Sitiyasyon sa kapab dejenere lè n konnen plizyè chofè moto ap plenyen pou gaz yo pa ka jwenn epi menm fè mouvman. Desizyon sa vin mete yon apse sou klou a.

Dekouvri plis:

Le Groupe Médialternatif fête ses 20 ans

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Sou demann popilasyon an, sendika transpò piblik yo repòte pwovizwaman twa jounen grèv yo te anonse pou peryòd ekzamen ofisyèl bakaloreya. Grèv jeneral ki...

Transport

Du 16 au 18 janvier, 204 camions-citernes ont été chargés au centre pétrolier de WINECO. Le Terminal Varreux a annoncé sur son compte Twitter...

Transport

Après environ deux mois de blocage, la livraison des produits pétroliers se poursuit sur le marché. Depuis le 8 novembre dernier, le chargement des...

Transport

Terminal Varreux: plus de 856 mille gallons de carburant livrés le samedi 12 novembre 2022. Le Terminal Varreux dans un tweet publié le samedi...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile