Aktyalite AN KREYÒL

Egzamen bakaloreya: MENFP enfòme gen 4 sant egzamen li deplase nan Pòtoprens lan

Egzamen bakaloreya: Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) enfòme gen 4 sant egzamen li deplase nan Pòtoprens lan.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan yon nòt li mete deyò jodi jedi 30 jen 2022 a fè konnen li deplase 4 sant egzamen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Sant egzamen ki te nan lise Jan Jak Desalin, kandida yo, siveyan ak sipèvizè yo ap gen pou ale kolèj Sen Lwi Boudon paske se la sant sa transfere daprè nòt la.

Sant egzamen lekòl Nasyonal Repiblik Paragwey transfere tou nan kolèj Sen Lwi Boudon.

Sant egzamen lekòl Nasyonal Repiblik Brezil transfere nan kolèj Jean Price Marc ki nan riyèl Kretyen, zòn Lali epi sant egzamen enstitisyon Notre-Dame de Lourdes transfere nan lekòl Nasyonal Repiblik Etazini ki Kanapevè.

N ap raple nan kad yon konferans yè mèkredi a, otorite Ministè yo anonse tout bagay pare pou fasilite bon jan dewoulman egzamen bakaloreya k ap fèt sou tout teritwa a soti vandredi 1e pou bout mèkredi 6 jiyè kote 115 337 kandida ap patisipe nan eprèv yo.

Daprè chif BUNEXE mete deyò nan kad konferans sa, 48% nan kandida sa yo se nan depatman Lwès la yo soti avèk yon chif ki se 56 213 elèv. Latibonit vin an dezyèm ak 12 249, Nò vin an twazyèm ak 11 722 elèv. Depatman Nip se li ki bay pi piti kandida avèk yon chif ki se 3 536 elèv. Ministè a mete 572 sant egzamen pou akeyi elèv yo.

Dekouvri plis:

Le gouvernement précise les grandes orientations du programme de réforme économique signé avec le FMI

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Le rapport de l’INDDESC pointe l’effondrement des infrastructures scolaires et l’inaction du Ministère de l’Éducation et du Fonds National de l’Éducation. Après deux années...

Actualités

Des élèves de lycées ont manifesté à Port-au-Prince pour réclamer le retour des enseignants en classe Moins d’un mois après la réouverture officielle des...

Société

Fixée au 1er octobre 2025, l’ouverture des classes se prépare dans un climat d’inquiétude. Entre l’inflation, les frais scolaires élevés et le déplacement forcé...

Actualités

Une première étape pour renforcer la gouvernance et l’accréditation du système éducatif. Le Ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a...

Copyright © 2017 - 2025 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile