Aktyalite AN KREYÒL

Elèv Lise Nasyonal Petyonvil pran lari pou mande pwofesè nan sal klas yo

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Plizyè dizèn elèv Lise Nasyonal Petyonvil pran lari jodi lendi 12 avril la pou mande pwofesè nan sal klas yo.

Elèv sa yo ki te ap manifeste nan komin Petyonvil te pran direksyon bò Otèl Oasis pou desann sou wout Boudon an, selon sa yon jounalis Juno7 rapòte ak redaksyon an.

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Liseyen sa yo ki te trè fache fè konnen yo pa gen pwofesè depi aprè dezyèm kontwòl, depi lè sa se epav yo ale fè nan lekòl la paske pwofesè pa janm vizite yo nan sal la akoz ministè edikasyon nasyonal pa peye yo.

Nan sans sa, elèv yo mande Leta pou peye pwofesè yo paske se yo k ap peye po kase a.

Yo menase pou toujou rete kontinye mobilize epi okipe lari a si revandikasyon yo pa satisfè.

Dekouvri plis:

Enlèvement du Dr. Valembrun: l’Hôpital Bernard Mevs et SAM Ambulance en grève ce lundi

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile